Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 11:51 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

51 soti nan san Abel la, jis rive nan san a Zacharie, ki te peri antre nan otèl la ak kay Bondye a. Wi, Mwen di nou, li va chaje kont jenerasyon sila a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

51 wi, depi san Abèl jouk san Zakari yo te touye ant lotèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan. Wi. Se mwen k'ap di nou sa: Y'a mande moun alèkile yo kont pou tout krim sa yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

51 L ap tankou se nou menm ki te touye soti sou Abèl pou rive sou Zakari, sila a ki te mouri ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a. M pa kache di nou sa, Bondye p ap manke pini jenerasyon nou an pou tout zak sa yo.

参见章节 复制




Lik 11:51
9 交叉引用  

Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a.


Ou va di yo: ‘Sa se nasyon ki pa t obeyi vwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, ni ki pa t aksepte koreksyon. Verite fin peri e koupe retire nèt nan bouch yo.


Nan uityèm mwa, dezyèm ane Wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a. Li te di:


pou sa rive ke sou nou kapab tonbe koupabilite pou tout san ki te vèse sou latè yo, kòmanse avèk Abel ki te jis, pou rive jouk nan san Zacharie, fis a Barachie a, ke nou te asasine antre tanp lan ak lotèl la.


Pa lafwa Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.


epi anvè Jésus medyatè yon akò tounèf la, e anvè san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la.


Pa kon Caïn, ki te apatyen a mechan a, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa yo a frè l te jis.


跟着我们:

广告


广告