Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 11:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

40 Nou menm bann ensanse, èske Sila ki te fè deyò a, pa t fè anndan an tou?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

40 Bann egare! Bondye ki fè deyò a, se li menm ki fè anndan an tou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

40 Bann moun egare! Bondye ki kreye pati ki sou deyò a se li menm tou ki kreye anndan an.

参见章节 复制




Lik 11:40
17 交叉引用  

Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.


Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.


Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.” Yo konwonpi. Yo te fè zak abominab. Nanpwen ki fè sa ki bon.


Li menm ki fòme kè a yo tout, Li menm ki konprann tout zèv yo.


“Jiskilè, O moun san bon konprann yo, nou va renmen rete san konprann anyen? Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e moun san konprann yo rayi konesans?


O moun ensanse yo, vin aprann pridans! Moun fou yo, vin konprann sajès!


‘Tande sa, O pèp ki plen foli, ki san konprann, ki gen zye, men ki pa ka wè, ki gen zòrèy, men ki pa tande.


Pwofesi pawòl SENYÈ a konsènan Israël la. Konsa pale SENYÈ ki etann syèl yo a, ki poze fondasyon latè yo, e ki kreye lespri a lòm nan anndan l lan.


Men yo te tonbe sou figi yo e te di: “O Bondye, Bondye a lespri de tout chè a, èske Ou va an kòlè avèk tout kongregasyon an lè yon sèl moun fè peche?”


Bann sòt ak moun avèg! Kisa ki pi gran? Lò a, oubyen tanp lan ki sanktifye lò a?


Nou menm, Farizyen ki avèg yo; premyèman, netwaye anndan tas la ak plato a, pou deyò li kapab vin pwòp tou.


“Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’


Konsa, Li te reponn yo: “O moun ki manke konprann, e ki gen kè lan pou kwè nan tout sa ke pwofèt yo te pale yo;


Moun sòt! Sa ke nou simen pa kapab vin gen lavi amwenske li mouri;


Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv?


跟着我们:

广告


广告