Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 11:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 “Si donk, tout kò nou ranpli avèk limyè, san tenèb ladann, li va klere nèt, tankou lè lanp klere nou avèk reyon li.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

36 Paske si tout kò ou nan limyè san yon sèl pati ladan l pa nan fènwa, l'a klere nèt tankou lè yon lanp klere ou ak bèl limyè li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

36 Si ou ranpli ak limyè, epi pa gen okenn pati nan ou ki kache nan fènwa, ou ap briye nèt tankou lè yon lanp ap klere chemen ou ak limyè li.”

参见章节 复制




Lik 11:36
22 交叉引用  

Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,


Lespri a lòm se lanp SENYÈ a, ki chache pati ki pi entim nan li yo.


Paske kòmandman an se yon lanp, e enstriksyon li se limyè. Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a


Mwen va mennen avèg yo pa yon chemen yo pa konnen, nan wout yo pa konnen, Mwen va gide yo. Mwen va fè tenèb la vin limyè devan yo e move kote yo va vin plat. Se bagay sa yo Mwen va fè e Mwen p ap kite yo pa fèt.


Vire kote lalwa ak akò la! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke yo pa gen granmaten k ap vini.


Annou rekonèt SENYÈ a; annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a. Aparans Li asire tankou solèy k ap leve granmmaten. Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli, tankou lapli prentan k ap wouze latè.


Epi Jésus te di yo: “Konsa, chak skrib ki vini yon disip a wayòm nan se tankou yon mèt kay ki fè vin parèt nan trezò li sa ki nèf ak sa ki vye.”


Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la.


“Alò, veye ke limyè nan nou an pa tenèb.


Alò, lè L fin pale, yon Farizyen te mande Li pou dine avè L. Li te antre e te repoze sou tab la.


Paske se Bondye, ki te di: “Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.


Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon;


Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.


Men manje solid la, se pou granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.


Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va beni nan sa li fè.


Men grandi nan lagras ak konesans Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri. A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen.


跟着我们:

广告


广告