Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 11:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Si nou menm ki mechan, alò, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis Papa nou nan syèl la va bay Lespri Sen an a sila yo ki mande Li?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l, lè nou mande l li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konnen bon jan kado pou nou ofri pitit nou, ou pa bezwen mande si Papa a ki nan syèl la ap bay Sentespri a kòm kado a tout moun ki mande li.”

参见章节 复制




Lik 11:13
30 交叉引用  

SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.


Gade byen, mwen te fèt nan inikite, e se nan peche manman m te vin ansent mwen.


Vire sou repwòch mwen an. Gade byen, mwen va vide lespri m sou nou. Mwen va fè nou konnen pawòl mwen yo.


Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a, pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an? Menm sila yo ka bliye, men Mwen p ap bliye ou.


Mwen va mete Lespri M anndan nou, fè nou mache nan règleman Mwen yo e nou va fè atansyon pou swiv tout lwa Mwen yo.


Li va vin rive apre sa, ke Mwen va vide Lespri M sou tout chè. Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, e granmoun nou yo va fè vizyon yo.


Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.


pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.


“Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm.


“Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!


Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo.


Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.


Oubyen si li mande li pou bay li yon ze, èske l ap bay li yon eskòpyon?


Li te di yo: “Lè n ap priye, di: ‘Papa nou ki nan syèl la, ke non Ou kapab Sen. Ke wayòm Ou kapab vini. Ke volonte ou kapab fèt sou latè a, menm jan kon nan syèl la.


Alò, èske Bondye p ap fè jistis pousila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li vafè anpil reta sou yo?


Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou dlo vivan an.”


Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an.


Paske si pa transgresyon a yon moun, lanmò te renye akoz li menm, bokou plis ke sa, sila ki resevwa gras an abondans ak kado ladwati a, ap renye nan lavi atravè Li menm, Jésus Kri.


Paske mwen konnen ke anyen ki bon pa rete nan mwen, sa vle di nan chè mwen. Paske bòn volonte a prezan nan mwen, men pou fè sa ki bon an pa janm fèt.


Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?


Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.


跟着我们:

广告


广告