Lik 10:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen40 Men Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.” 参见章节1998 Haïtienne40 Mat menm t'ap fatige kò li ak tout travay ki te pou fèt nan kay la. Lè sa a, li vini li di: — Mèt, sa pa fè ou anyen pou wè sè mwen kite m' ap fè tout travay la poukont mwen? Di li manyè vin ede mwen non. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil40 Mata menm t ap fatige kò l ak travay pou resevwa moun yo. Li vin parèt kote Jezi, li di: “Mèt, sa pa fè w anyen Mari kite m poukont mwen pou m fè tout travay sa yo. Pale avè l non pou fè l vin ede m.” 参见章节 |