Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 10:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Li te reponn: “Ou va renmen Senyè a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout fòs ou, e avèk tout panse ou, epi vwazen ou tankou tèt ou.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Nonm lan reponn: — Se pou ou renmen Mèt la, Senyè Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout entelijans ou. Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Doktè Lalwa a reponn: “Renmen Bondye ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout panse w; epi renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”

参见章节 复制




Lik 10:27
15 交叉引用  

“‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a.


Onore papa ou avèk manman ou, epi renmen pwochen ou tankou tèt ou.”


Li te pale li: “Kisa ki ekri nan Lalwa a? Kijan ou li li?”


Konsa “Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li ranpli nan pawòl sa a: “Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.”


Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt.


“Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou,


Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va sikonsi kè nou ak kè desandan nou yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, pou nou kapab viv.


“Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn!


Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou.


Paske sa se akò ke Mwen va fè avèk kay Israël la apre jou sa yo, di Senyè a: Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo, e Mwen va ekri yo nan kè yo. Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.


Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: “Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.


Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.


跟着我们:

广告


广告