Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 10:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 “Malè a nou menm, Chorazin! Malè a nou menm, Bethsaïde! Paske si mirak ki te fèt nan nou yo te konn fèt nan Tyr avèk Sidon, yo t ap vin repanti lontan sa, e vin chita nan sann abiye ak twal sak.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 — Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou tou, moun lavil Betsayda! Paske si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan moun Tir yo ak moun Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta chita plat atè, yo ta mete rad tristès yo sou yo, yo ta kouvri kò yo ak sann pou fè wè yo repanti vin jwenn Bondye.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Malè pou nou Jwif nan lavil Korazen, malè pou nou Jwif nan lavil Bètsayida. Si m te fè menm mirak sa yo nan mitan Tir ak Sidon ki se vil payen, bagay la t ap diferan. Yo t ap kwè se Bondye Papa a ki voye m, epi yo t ap chanje lavi yo. Tann dat moun sa yo t ap gentan sispann fè peche. Yo t ap tèlman regrèt peche yo, yo t ap mete rad sak sou yo. Yo t ap chita nan sann pou montre toutbon vre yo vle chanje.

参见章节 复制




Lik 10:13
17 交叉引用  

Pou tout sa a, mwen rayi pwop tèt mwen, e mwen repanti nan pousyè ak sann yo.”


pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo; pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo, ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la, ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a. Konsa, yo va rele pye chenn ladwati, yon plantasyon SENYÈ a, pou Li kapab resevwa glwa.


Alò, nan onzyèm ane, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Konsa, mwen te chache fas Senyè Bondye a, pou jwenn Li nan lapriyè ak siplikasyon, fè jèn ak twal sak ak sann.


Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Tyr yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te livre tout pèp la nèt bay Édom, e yo pa t sonje akò fratènèl la.


epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho;


“Mwen va bay otorite a de temwen mwen yo, e yo va pwofetize pandan mil-de-san-swasant jou abiye avèk twal sak.”


跟着我们:

广告


广告