Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 1:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 selon koutim nan pozisyon li kon prèt, li te chwazi pa tiraj osò pou antre nan tanp Senyè a pou brile lansan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Dapre koutim sèvis la, yo te fè tirajosò pou chwazi yonn nan prèt yo pou antre nan tanp Mèt la pou ofri lansan an. Twouve se Zakari ki te soti.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Sakrifikatè yo te fè tiraj osò tankou jan yo te toujou fè dapre koutim yo, epi yo te chwazi Zakari pou l te antre nan tanp Senyè a pou l al boule lansan an.

参见章节 复制




Lik 1:9
10 交叉引用  

Fis a Anram yo: Aaron avèk Moïse. Epi Aaron te mete apa pou l te kab sanktifye li kote ki pi sen pase tout kote a, li menm avèk fis pa li yo jis pou tout tan, pou brile lansan devan SENYÈ a, pou fè sèvis pa Li, e pou beni nan non Li jis pou tout tan.


Men Aaron avèk fis li yo te lofri sou lotèl ofrann brile a ak sou lotèl lansan an, pou tout zèv kote ki pi sen pase tout lòt yo a e pou fè ekspiyasyon pou Israël, selon tout sa ke Moïse, sèvitè Bondye a, te òdone.


Men lè l te vin fò, kè li te vin plen ògèy. Li te aji konwonpi. Li pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye li a, paske li te antre nan tanp SENYÈ a pou brile lansan sou lotèl lansan an.


Fis mwen yo, koulye a, pa kite nou vin lach nan moman sa a, paske SENYÈ a te chwazi nou pou kanpe devan L, pou fè sèvis pou Li, pou devni sèvitè Li epi brile lansan.”


kòm yon sonj komemoratif a fis Israël yo pou pèsòn ki pa nan ras Aaron pa ta dwe pwoche pou brile lansan devan SENYÈ a; jis pou li pa devni tankou Koré ak konpanyen li yo—jis jan ke SENYÈ a te pale a li pa Moïse la.


Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan santyè tanp lan. Li te sòti, e te ale pann tèt li.


Alò, lè bagay sa yo fin byen prepare konsa, prèt yo ap toujou antre nan tabènak pa deyò a, pou fè adorasyon Bondye,


Èske Mwen pa t chwazi yo soti nan tout tribi Israël yo pou devni prèt Mwen, pou monte vè lotèl Mwen, pou brile lansan, pou pote yon efòd devan Mwen? Epi èske Mwen pa t bay lakay zansèt nou yo tout ofrann dife fis Israël yo?


跟着我们:

广告


广告