Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 1:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Alò, li vin rive ke pandan li t ap fè sèvis prèt la devan Bondye nan pwòp tan divizyon pa l,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Yon jou, Zakari te desèvis devan Bondye, paske se te tou pa gwoup pa li a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Lè lè a te rive pou gwoup Abija a te pran relèv pou sèvi nan tanp lan, Zakari te la pou ranpli wòl sakrifikatè li devan Bondye.

参见章节 复制




Lik 1:8
16 交叉引用  

Sa yo te pozisyon sèvis yo te fè lè yo te antre lakay SENYÈ a selon règleman ki te bay a yo menm pa Aaron, zansèt pa yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande li a.


Nadab avèk Abihu te mouri avan papa yo, san yo pa t genyen fis. Pou sa, Éléazar avèk Ithamar te sèvi kon prèt.


Paske Levit yo te kite tè patiraj pa yo pou te rive Juda avèk Jérusalem, paske Jéroboam te bloke sèvis yo kòm prèt SENYÈ a.


Anplis, pou fis a Aaron yo, prèt yo, ki te nan teren patiraj lavil yo, oswa nan chak vil menm, te gen mesye ki te dezinye pa non pou fè distribisyon pòsyon a chak gason pami prèt yo e chak ki te anrejistre pa zansèt li yo pami Levit yo.


Konsa, Ézéchias te apwente divizyon a prèt yo ak Levit yo pa divizyon pa yo, yo chak selon sèvis pa yo, prèt yo avèk Levit yo pou ofrann brile avèk ofrann lapè yo, pou fè sèvis e bay remèsiman avèk lwanj nan pòtay kan SENYÈ a.


Alò, selon règleman a papa li yo, David, li te chwazi divizyon a prèt yo pou sèvis pa yo, Levit yo pou devwa pa yo, pou fè lwanj e fè sèvis devan prèt yo selon règ a chak jou a, e gadyen pòtay pa divizyon pa yo nan chak pòtay. Paske se konsa David, nonm Bondye a, te konn kòmande sa.


Epi yo te chwazi prèt yo a divizyon pa yo ak Levit yo nan lòd pa yo pou sèvis Bondye Jérusalem nan, jan sa ekri nan liv Moïse la.


“Epi fè Aaron, frè ou a vin pre ou menm, avèk fis pa li yo avè l, pami fis Israël yo pou sèvi kòm prèt pou Mwen—Aaron, Nadab, avèk Abihu, Éléazar, ak Ithamar, fis Aaron yo.


Ou va mete yo sou Aaron, frè ou a, sou fis li yo avèk li, epi ou va vide lwil sou yo pou fè òdonasyon yo e konsakre yo, pou yo kab sèvi Mwen kòm prèt.


“Alò, se sa nou va fè a yo menm pou konsakre yo pou fè sèvis kòm prèt Mwen: pran yon jèn towo avèk de belye san defo,


Mwen va konsakre tant reyinyon an ak lotèl la. Mwen va osi konsakre Aaron ak fis li yo pou sèvi kòm prèt pou Mwen.


Ou va mete sentiwon pou yo, ni Aaron ni fis li yo, e ou va mare chapo yo sou tèt yo. Yo va genyen pozisyon prèt la, kòm yon lòd k ap pou tout tan san fen.


Ou va vide lwil sou Aaron avèk fis li yo, e ou va konsakre yo, pou yo kapab sèvi pou Mwen kòm prèt.”


Men ou menm ak fis ou yo ap ranpli pozisyon prèt pou tout bagsay ki konsène otèl la, ak andedann vwal la. Ou va fè sèvis yo. Mwen ap bay ou pozisyon prèt kon yon pozisyon donnen. Men okenn lòt ki pwoche va mete a lanmò.”


Nan jou Hérode yo, wa Juda a, te gen yon sèten prèt ki te rele Zacharie nan divizyon Abijah. Li te gen yon madanm ki soti nan fi Aaron yo, yo te rele Elizabeth.


Men yo pa t gen pitit, akoz Elizabeth te esteril, e yo toude te avanse nan laj.


跟着我们:

广告


广告