Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 1:69 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

69 Li te leve yon kòn sali pou nou lakay David la, sèvitè Li a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

69 Li voye yon moun avèk gwo pouvwa pou delivre nou. Se nan laras David, sèvitè Bondye a, li sòti.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

69 Li ban nou yon Sovè ki gen anpil puisans ki soti nan branch fanmi sèvitè li David.

参见章节 复制




Lik 1:69
23 交叉引用  

Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila mwen twouve pwotèj la; boukliye e kòn delivrans mwen, sitadèl mwen ak refij mwen. Se konsa mwen va sove devan ledmi mwen yo.


Kite non Ou kapab vin resevwa glwa jis pou tout tan, pou di: ‘SENYÈ dèzame a se Bondye sou Israël la; epi pou lakay a sèvitè Ou a kapab vin etabli devan Ou.’


Malgre sa, mwen p ap rache tout wayòm nan, men Mwen va bay yon tribi a fis ou pou koz a sèvitè Mwen an, David e pou koz Jérusalem ke M te chwazi a.”


SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen; Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.


Paske Ou se glwa a fòs yo, e pa favè Ou, kòn nou vin egzalte.


“Mwen, Bondye, te fè yon akò avèk moun apwente mwen a. Mwen te sèmante pa David, sèvitè mwen an,


Men yo va sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a e David, wa yo a, ke Mwen va fè leve wo pou yo.


“Nan jou sa a, Mwen va fè yon kòn vin pouse pou lakay Israël, e Mwen va ouvri bouch ou nan mitan yo. Epi konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”


Nan jou sa a, Mwen va fè leve Lakay David ki te tonbe a, e ranfòse brèch li yo. Anplis, Mwen va leve mazi kraze li yo, e fè l vin rebati tankou nan jou ansyen yo;


Rejis a zansèt Jésus Kris yo, fis a David, fis a Abraham nan.


Beni se wayòm zansèt nou David, k ap vini an! Ozana nan pi wo a!”


“Mwen, Jésus, te voye zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”


Anne te priye e te di: “Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a! Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a. Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo, akoz mwen rejwi nan delivrans Ou.


Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt. Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo. SENYÈ a ki va jije, jis rive nan tout ekstremite latè yo. Konsa, Li va bay kouraj a wa Li; Li va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”


跟着我们:

广告


广告