Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 1:68 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

68 Beni se Senyè a, Bondye Israël la, paske li vizite nou, Li te acheve redanmsyon pou pèp Li a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

68 Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

68 “Lwanj pou Senyè a, Bondye Izrayèl la. Li vin pote konkou bay pèp li a, li vin libere yo.

参见章节 复制




Lik 1:68
24 交叉引用  

Beniswa Bondye Pi Wo a, ki te lage lènmi yo nan men ou.” Abram te bay li yon dim de tout bagay.


Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, Abraham, ki pa t abandone lanmou avèk konpasyon Li ak verite Li anvè mèt mwen. Pou mwen, SENYÈ a te dirije m nan chemen lakay de frè a mèt mwen yo.”


Li te di osi: “Beni se SENYÈ a, Bondye a Cham nan. Canaan va sèvitè li.


Wa a osi te di konsa: ‘Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pèmèt yon moun vin chita sou twòn mwen an jodi a pandan pwòp zye m toujou wè.’”


Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale avèk bouch li a papa m David, e ki te akonpli sa avèk men l, e ki te di:


Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan.


Konsa, David te di a tout asanble a: “Koulye a, beni SENYÈ a, Bondye nou an.” Epi tout asanble a te beni SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, e te bese ba devan SENYÈ a e ak wa a.


Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, pou tout tan jis pou tout tan. Kite tout pèp la di: “Amen.” Louwe SENYÈ a!


Li te voye delivrans a pèp Li a. Li te òdone akò Li a jis pou tout tan. Sen e mèvèye, se non Li.


Li va fè redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.


Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, soti pou tout tan, jis rive pou tout tan. Amen e amen.


Alò pèp la te vin kwè, lè yo te tande ke SENYÈ a te gen kè pou fis Israël yo, e ke Li te vin wè afliksyon yo. Yo te bese ba, pou te adore Li.


Delivrans sou lènmi nou yo, ak nan men a tout sila ki rayi nou yo;


Konsa, yo va raze ou a nivo latè avèk zanfan ou tout ladann. Ni yo p ap kite nan ou menm yon wòch sou yon lòt, akoz ke ou pa t rekonèt lè ou te vizite a.”


Nan menm moman sila a, li te monte, e li te bay glwa a Bondye. Li te kontinye pale de Li a tout sila ki t ap chache redanmsyon Jérusalem nan.


Men nou t ap espere ke se te Li ki t ap fè redanmsyon Israël a. Anplis de tout sa, se twazyèm jou a depi bagay sa yo te fèt.


Lakrent te sezi yo tout, yo t ap bay glwa a Bondye, e te di: “Yon gran pwofèt gen tan leve pami nou!” E “Bondye vizite pèp Li a”!


Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo.


Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li,


Li pa te depann sou san kabrit ak jenn ti bèf, men nan pwòp san pa Li. Konsa, Li te antre nan lye sen an yon fwa pou tout, akoz Li te resevwa yon redanmsyon etènèl.


Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a


Alò, David te di a Abigaïl: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te voye ou jou sila a pou rankontre avè m!


跟着我们:

广告


广告