Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 1:65 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

65 Lakrent te vin tonbe sou tout sila yo ki te rete nan landwa sila a; epi tout bagay sa yo te pale nan tout peyi kolin a Juda yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

65 Tout moun ki te nan vwazinay la te pè. Nouvèl la t'ap mache bouch an bouch nan tout mòn Jide a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

65 Tout moun nan vwazinay la te vin pè pou sa k pase a. Epi nan tout mòn Jide a moun pa t sispann pale koze a.

参见章节 复制




Lik 1:65
12 交叉引用  

Aprè Jésus te fin fèt Bethléem nan peyi Judée pandan Hérode te wa, konsa yon ekip mesye saj ki sòti nan lès te rive Jérusalem pou mande;


Alò, nan moman sa a, Marie te leve. Li te sòti byen vit pou rive nan peyi kolin yo, nan yon vil yo rele Juda.


Tout moun ki te tande sa te etone de bagay ke bèje yo t ap di yo.


Yo tout te sezi, etone menm, e t ap bay Bondye glwa. Yo te ranpli avèk lakrent, e t ap di: “Nou wè bagay ki tèlman remakab jodi a”.


Lakrent te sezi yo tout, yo t ap bay glwa a Bondye, e te di: “Yon gran pwofèt gen tan leve pami nou!” E “Bondye vizite pèp Li a”!


Bagay sa te vin konnen pa tout moun, ni Jwif, ni Grèk ki te rete Éphèse. Lakrent te vin tonbe sou yo tout, e non Jésus Kri a t ap vin pi gran.


Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.


Yon gwo laperèz te vin tonbe sou tout legliz la, e sou tout sila ki te tande bagay sa yo.


Ananias, lè l te tande bagay sa yo, te tonbe atè e te respire dènye souf li. Yon gwo laperèz te vini sou tout sila ki te tande bagay sa yo.


Konsa, Josué te frape tout peyi a, peyi kolin yo avèk Negev la ak bas plèn nan avèk pant yo ak tout wa yo. Li pa t kite moun vivan, men li te konplètman detwi tout moun ki te gen souf lavi, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a Israël la, te kòmande a.


Mesye Gabaon yo te voye kote Josué kote kan Guilgal la, e te di: “Pa abandone sèvitè ou yo; vin monte kote nou pou ede nou; paske tout wa Amoreyen ki rete nan peyi kolin yo te vin rasanble kont nou.”


Men apre twa jou edmi yo, souf lavi soti nan Bondye te vini sou yo, yo te kanpe sou pye yo, e gwo laperèz te vin tonbe sou tout sila ki t ap gade yo.


跟着我们:

广告


广告