Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 1:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Se li ki va ale devan Li menm, nan lespri avèk pouvwa Élie a, pou fè kè a papa yo retounen a zanfan yo, e dezobeyisan yo a yon lespri ladwati; pou fè prepare yon pèp pou Bondye.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an. L'ap fè papa vin byen ankò ak pitit. L'ap fè moun ki rebèl rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon pèp byen dispoze pou resevwa Mèt la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Li pral mache kòm avangad devan Senyè a, pou l prepare kè yo pou resevwa Senyè a. L ap gen menm lespri ak pwofèt Eli. L ap ede paran yo fè lapè ak pitit yo. L ap ede moun ki dezobeyisan yo mennen yon vi konfòm ak volonte Bondye poutèt jan yo panse. L ap fè tout bagay sa yo pou l ka prepare kè moun yo pou yo rankontre Senyè a.

参见章节 复制




Lik 1:17
38 交叉引用  

Alò, Élie, Tichbit la, ki te pami fondatè Galaad yo, te di a Achab: “Jan SENYÈ a, Bondye Israël la, viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite p ap gen ni lawouze, ni lapli nan ane sila yo, sof ke pa pawòl mwen.”


Li te di: “Mwen pa t twouble Israël, men ou menm avèk lakay papa ou, akoz ou te abandone lòd SENYÈ yo pou ou te swiv Baal yo.


Achab te di a Élie: “Èske ou vin jwenn mwen, O lènmi mwen?” Epi li te reponn: “Mwen te jwenn ou akoz ou te vann tèt ou pou fè mechanste nan zye SENYÈ a.


Epi li te di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te voye mesaje yo pou mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an—-èske se akoz nanpwen Dye an Israël pou mande pawòl Li? Pou sa, ou p ap desann kabann kote ou te monte a, men anverite, ou va mouri.’”


O SENYÈ, Bondye a Abraham nan, Issac avèk Israël, papa zansèt pa nou yo, sere sa jis pou tout tan nan entansyon kè a pèp Ou a, e dirije kè yo vè Ou menm.


Epi Ézéchias avèk tout pèp la te rejwi sou sa ke Bondye te prepare pou pèp la, akoz bagay la te rive sibitman.


O SENYÈ, Ou te tande dezi a enb yo; Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,


Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès. Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann. Lwanj Li dire jis pou tout tan!


Pou yo pa fè tankou papa zansèt yo, yon jenerasyon tèt di e rebèl, yon jenerasyon ki pa t gen kè fidèl, ki pa t gen lespri fidèl a Bondye.


Anplis, sila ki fè tò nan panse yo, va konnen verite a, e sila ki kritike yo va resevwa enstriksyon.”


“Akoz sa, se konsa Mwen va fè ou, O Israël! Paske se sa Mwen va fè ou; prepare pou rankontre Bondye ou a, O Israël.


Konsa, si nou kapab aksepte l, se li menm ki Elie, sila ki te genyen pou vini an.


Paske Jean t ap di li ke li pa pèmèt pou l ta genyen l kon madanm.


Paske sila a se de li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di: “Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan, Prepare chemen Bondye a! Fè chemen Li yo dwat”!


Alò, Jean li menm te gen yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj.


Li va fè anpil moun nan fis Israël yo retounen a Senyè a, Bondye yo a.


Epi ou menm pitit, ou va rele pwofèt a Pi Wo a; paske ou va ale devan Senyè a, pou prepare chemen Li an;


ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.


Mwen wè, epi mwen fè temwayaj ke sila a se Fis Bondye a.”


Nou menm se temwen m lè mwen te di: ‘Mwen menm se pa Kris la, men m te voye devan Li.’


Pou sa, mwen te fè ou vin touswit, e ou tèlman emab, ke ou vini. Alò, koulye a, nou tout isit la, prezan devan Bondye pou tande tout sa ke ou kòmande pa Senyè a.”


Epi Li te fè sa pou Li ta kapab fè wè richès laglwa Li sou veso mizerikòd yo, ke li te prepare davans pou glwa Li,


pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a.


Konsa, si yon nonm netwaye tèt li de bagay sa yo, li va yon veso lonè, sanktifye, itil pou Mèt la, prepare pou tout bon zèv.


Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.


Epi koulye a, ti moun yo, reste nan Li, jis pou lè L vin parèt, nou kapab gen konfyans epi pa vin piti ak wont lè Li vini.


Answit mwen te wè twòn yo ak sa yo ki te chita sou yo. Konsa, jijman te vin bay a yo menm. Mwen te wè nanm a sila ki te dekapite akoz temwayaj a Jésus yo, e akoz pawòl Bondye a: Sila ki pa t adore bèt la oubyen imaj li a, e ki pa t resevwa mak la sou fon yo ak men yo. Sila yo te vin retounen a lavi pou renye avèk Kris pandan mil ane.


Alò, Samuel te di: “Rasanble tout Israël nan Mitspa e mwen va priye a SENYÈ a pou nou.”


跟着我们:

广告


广告