Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lik 1:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Men zanj lan di li: — Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason. Ou va rele l Jan.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Lè sa a, anj lan di li: Zakari, ou pa bezwen pè, paske Bondye tande priyè w, epi madanm ou Elizabèt pral fè yon pitit gason. Ou a rele ti gason sa a Jan.

参见章节 复制




Lik 1:13
27 交叉引用  

Sa se akò Mwen, ke nou va kenbe antre Mwen ak nou menm, e desandan apre nou yo: chak mal pami nou va vin sikonsi.


Men Bondye te di: “Non, men Sarah, madanm ou an va fè yon fis, e ou va rele non li Isaac. Mwen va etabli akò Mwen an avèk li pou yon akò pou tout tan pou desandan apre li yo.


“Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.”


Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.


Li fè fanm steril la vin rete nan kay kon yon manman pitit ak kè kontan. Louwe SENYÈ a!


Mwen va bay Ou remèsiman, paske Ou te reponn mwen, e Ou te vin sali mwen.


Pou sa, mwen te pwoche pwofetès la. Li te vin ansent e li te bay nesans a yon fis. Epi SENYÈ a te di mwen: “Bay li non Maher-Schalal-Chasch-Baz.


Alò, li te di mwen: “Pa pè, Daniel, paske depi premye jou ke ou te dedye kè ou pou konprann sa a, lè ou te imilye ou devan Bondye ou a, pawòl ou yo te vin tande. Konsa, mwen te vini akoz pawòl ou yo.


Konsa, SENYÈ a te di li: “Bay li non Jizreel; paske deja nan yon ti tan mwen va vanje san a Jizreel sou lakay Jéhu. Epi sa va koze wayòm lakay Israël la fini.


Konsa, li te vin ansent ankò, e li te bay nesans a yon fi. Epi SENYÈ a te di li: “Rele li Lo Ruchama, paske Mwen p ap fè konpasyon ankò pou lakay Israël, pou M ta janm padone yo.


Li va fè yon fis, epi ou va rele li Jésus paske se Li menm ki va sove pèp li a de peche yo.”


Men imedyatman, Jésus te pale avèk yo e te di: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”


Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: “Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a.


Li te di yo: “Pa sezi, nou ap chache Jésus, Nazareyen ki te krisifye a. Li leve. Li pa isit la. Gade, la se plas kote yo te mete L la.


Ou va gen lajwa avèk kè kontan, e anpil moun va rejwi nan nesans li.


Konsa zanj lan te di l: “Ou pa bezwen krent, Marie, paske ou gen tan twouve favè ak Bondye.


Lè uit jou te fin pase avan sikonsizyon Li te fèt, yo te bay Li non Jésus, menm non ki te bay pa zanj yo avan Li te plase nan vant lan.


Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye.


Senyè a te reponn li: “Lapè avèk ou, pa pè. Ou p ap mouri.”


SENYÈ a te vizite Anne. Li te vin ansent e te bay nesans a twa fis ak de fi. Epi gason Samuel la te grandi devan SENYÈ a.


跟着我们:

广告


广告