Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 8:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Apre li te fin lave zantray yo ak janm yo avèk dlo, Moïse te ofri tout belye a nan lafimen sou lotèl la. Se te ofrann brile a pou yon bon odè. Li te yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Moyiz lave tripay yo ak pye yo. Apre sa, li boule tout towo a nèt sou lotèl la. Se te yon bèt li ofri pou boule nèt pou Senyè a. Se yon ofrann bèt bon sant li ap fè Senyè a plezi, dapre lòd Senyè a te ba li.

参见章节 复制




Levitik 8:21
11 交叉引用  

SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.


Pa manje anyen nan li ki pa kwit, ni ki bouyi avèk okenn dlo, men pito ki boukannen nan dife, ni tèt li, ni janm li yo ansanm avèk zantray li yo.


Ou va ofri anlè nan lafimen tout belye a sou lotèl la; li se yon ofrann brile a SENYÈ a; li se yon sant ki dous; yon sakrifis pa dife pou SENYÈ a.


Se konsa Moïse te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande li yo, konsa li te fè.


Men zantray li yo avèk janm yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va ofri tout nèt, e ofri li nan lafimen sou lotèl la. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Li va chire li pa zèl li, san fin separe l nèt. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la, sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous devan SENYÈ a.


Men zantray li yo avèk janm li yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va brile li nèt sou lotèl la kòm yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Alò, prèt la va pran nan ofrann sereyal la, pati komemoratif la, e li va ofri li nan lafimen sou lotèl la kòm yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Apre sa, Moïse te fè fis Aaron yo pwoche. Li te abiye yo avèk tinik yo, mare senti yo avèk sentiwon an twal yo e mare kas yo sou yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Li te plase plastwon an sou tèt li. Sou plastwon an, pa devan, li te mete plak an lò a, kouwòn sen an, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.


跟着我们:

广告


广告