Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 7:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 “‘Osi, chè ki touche yon bagay ki pa pwòp p ap manje. Li va brile avèk dife. Pou lòt chè, nenpòt moun ki pwòp kapab manje chè sa a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Si yon bagay ki pa bon pou fè sèvis Bondye tonbe sou vyann lan, yo pa ka manje l nonplis. Se pou yo boule l nan dife. Tout moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a ka manje nan vyann lan.

参见章节 复制




Levitik 7:19
12 交叉引用  

Nenpòt moun ki touche chè li va vin sen. Lè kèk nan san li vin gaye sou yon vètman, nan yon lye sen, ou va lave sa ki te gaye sou li a.


Alò, si nenpòt nan chè sakrifis ofrann lapè yo ta janm manje nan twazyèm jou a, sila ki ofri li a, p ap aksepte, e li p ap konte nan avantaj li. Li va yon bagay lèd, e moun ki manje ladann nan, va pote pwòp inikite pa li.


Men moun ki manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a lè l pa pwòp, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a.


Men bay sa ki anndan an kòm charite, e konsa tout bagay ap pwòp pou nou.


Pierre te di yo: “Nou menm nou konnen kijan sa kont lalwa pou yon nonm ki se yon Jwif vin asosye avèk yon etranje, ni pou vizitè li. Men Bondye te deja montre m ke mwen pa dwe rele pèsòn pa sen oubyen pa pwòp.


Mwen konnen e mwen byen konvenk nan Senyè a Jésus ke pa gen anyen ki pa pwòp nan li menm; men pou sila a ki panse ke yon bagay pa pwòp, pou li menm li pa pwòp la.


Pa dechire travay Bondye a pou afè manje. Anfèt tout bagay pwòp, men yo mal pou moun ki manje e ki ofanse lòt moun.


Konsa, “‘Soti nan mitan yo, e separe de yo’, di Senyè a. ‘Pa touche sa ki enpi. Mwen va akeyi nou.


Pou sila ki san tach la, tout bagay san tach, men pou sila ki souye e ki pa kwè yo, nanpwen anyen ki san tach, men lespri yo ak konsyans yo deja souye.


跟着我们:

广告


广告