Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 6:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 “‘Alò, sa se lalwa ofrann sereyal la: fis Aaron yo va prezante li devan SENYÈ a, devan lotèl la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Men regleman pou lè n'ap ofri grenn ki sòti nan jaden nou. Yonn nan pitit Arawon yo va prezante grenn y'ap ofri a bay Senyè a devan lotèl la.

参见章节 复制




Levitik 6:14
12 交叉引用  

Matthithia, youn nan Levit yo, premye ne a Schallum nan, Koatit la, te responsab bay yo sa ki te kwit nan kivèt yo.


Men zantray li yo avèk janm yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va ofri tout nèt, e ofri li nan lafimen sou lotèl la. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Li va chire li pa zèl li, san fin separe l nèt. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la, sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous devan SENYÈ a.


Men zantray li yo avèk janm li yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va brile li nèt sou lotèl la kòm yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Answit, Moïse te pale ak Aaron e ak fis ki te rete vivan yo, Éléazar avèk Ithamar: “Pran ofrann sereyal ki toujou rete nan ofrann pa dife SENYÈ a, e manje li san ledven akote lotèl la, paske li sen pase tout.


Dife a dwe kontinye brile nèt sou lotèl la; li pa pou tenyen.


Answit, li va leve soti de li yon men plen avèk farin fen ofrann sereyal la, avèk lwil li ak tout lansan ki sou ofrann sereyal la, epi li va ofri li anlè nan lafimen sou lotèl la, yon odè santi bon, kòm yon ofrann souvni bay SENYÈ a.


sila ki prezante ofrann li an, va prezante bay SENYÈ a yon ofrann sereyal de yon dizyèm efa farin fen mele avèk yon ka lwil.


“‘Oswa pou yon belye, ou va prepare kòm yon ofrann sereyal, de dizyèm efa farin fen mele avèk yon tyè boutèy lwil;


alò, ou va ofri avèk towo a yon ofrann sereyal fèt ak twa dizyèm efa farin fen mele avèk yon mwatye boutèy lwil;


Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, se pa Moïse ki te bay nou pen ki sòti nan syèl la, men se Papa M ki bay nou vrè pen ki sòti nan syèl la.


跟着我们:

广告


广告