Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 26:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Lè Mwen kase pen pami nou, dis fanm va kwit pen nou nan yon sèl fou, e yo va mennen retounen pen nou nan pati ki mezire nan balans lan, pou nou manje, men pa pou nou satisfè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 M'ap koupe viv nou. Yon sèl fou ap kont pou dis fanm pare pen pou tout fanmi yo. Y'a kontwole sa y'ap bay chak moun. Lè n'a fin manje, se atò n'a grangou.

参见章节 复制




Levitik 26:26
17 交叉引用  

Te gen yon gwo grangou nan Samarie. Konsa, gade byen, yo te fè syèj la jis li rive ke tèt a yon bourik te vann pou katreven sik an ajan e yon ka kab poupou toutrèl pou senk sik ajan.


Li te rele gwo grangou rive nan peyi a. Li te kraze sous pen an nèt.


Paske gade byen, Senyè BONDYE dèzame yo va retire sou Jérusalem ak Juda ni sipò, ni mwayen materyo, tout sa ki pou founi pen e tout sa ki pou founi dlo;


Paske kat ekta teren p ap donnen plis ke yon bat (22 lit) diven e yon omè (220 lit) p ap bay plis ke yon efa (22 lit) sereyal.”


Se gwo kòlè a SENYÈ dèzame yo ki brile peyi a, e se pèp la ki se lwil pou dife a. Nanpwen moun ki eseye sove frè l.


Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou; yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè. Yo chak manje chè pwòp bra yo.


Lè yo fè jèn, Mwen p ap koute kri yo; epi lè yo ofri ofrann brile ak ofrann sereyal, Mwen p ap aksepte yo. Pito Mwen va fè yo disparèt ak nepe, ak gwo grangou, bèt ak maladi k ap ravaje chan yo.”


“Fis a lòm, si yon peyi peche kont Mwen nan komèt enfidelite, Mwen va lonje men M kont li, detwi sous pen li, voye gwo grangou kont li, e koupe retire nèt de li, ni lòm, ni bèt.


Manje ke ou va manje a va ven sik pa jou selon pwa li. Ou va manje ladann de tanzantan.


Anplis ke sa, Li te di mwen: “Fis a lòm, gade byen, Mwen va kase pen sa a nan Jérusalem. Yo va manje pen mezire selon pwa, e ak kè twouble. Yo va bwè dlo pa mezi ak gwo laperèz


ke pen ak dlo va vin ra. Konsa, yo va etonnen youn lòt e yo vin deperi nan inikite yo.”


lè Mwen voye kont yo flèch mechan yo, kon gwo grangou a, yon flèch ki te voye pou detwi nou. Mwen va osi fè gwo grangou a vin pi rèd sou ou e va kase retire sous pen an.


Yo va manje, men yo p ap gen ase. Yo va fè pwostitisyon, men yo p ap ogmante, akoz yo sispann koute SENYÈ a.


“Men si, malgre tout sa, nou pa obeyi Mwen, men aji avèk ostilite kont Mwen,


Ou va manje, men ou p ap satisfè. Imilyasyon ou va nan mitan ou. Ou va vin mete sou kote, men ou p ap konsève, e sa ke ou t ap rezève a, Mwen va bay li a nepe.


Nou te simen anpil, men rekòlt la te piti. Nou manje, men nou pa manje ase. Nou bwè, men li manke asi. Nou mete rad, men yo pa kont pou envite fredi, epi sila ki jwenn salè li a, li mete salè li a nan yon bous ki plen twou.”


跟着我们:

广告


广告