Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 26:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Fòs ou va depanse san valè; latè ou p ap pwodwi, ni pyebwa yo p ap donnen fwi.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 N'a kraze kouray nou travay di, men sa p'ap sèvi nou anyen: tè jaden nou yo p'ap bay anyen ankò, pyebwa yo p'ap donnen menm.

参见章节 复制




Levitik 26:20
21 交叉引用  

Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”


Konsa, Élie te ale montre li menm a Achab. Alò, gwo grangou a te byen rèd nan Samarie.


kite pikan yo grandi olye ble e zèb santi fò ranplase lòj la.” Pawòl yo a Job se fini.


Yon tè fètil vin tounen savann tè sale, akoz mechanste a sila ki rete ladann yo.


Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la, sila ki bati li yo, travay anven. Amwenske SENYÈ a veye pòtay la, gadyen an rete zye louvri anven.


Paske nou te bliye Bondye a sali nou an, ni nou pa t sonje wòch ki se sekou nou an. Pou sa, nou plante bèl plant e plase yo pami boujon chan a dye etranje yo.


Nan jou ke nou plante l la, nou fè bèl kloti pou li. Nan maten, nou fè jèm nan rive fè flè; men rekòlt la ap sove ale nan jou gwo maladi, nan jou doulè san rete a.


Men Mwen te di: “Mwen te travay di an ven. Mwen te depanse fòs Mwen pou ryen ak vanite; sepandan, anverite, jistis pa m avèk SENYÈ a, e rekonpans Mwen avèk Bondye Mwen an.”


Se ble yo te simen e yo rekòlte pikan. Yo te fè gwo efò, san ke yo pa reyisi anyen. Men se pou nou vin wont rekòlt nou an akoz gwo kòlè SENYÈ a.”


Anplis, Mwen va mete fen a tout kè kontan l; fèt li yo, nouvèl lin li yo, Saba a, ak tout Gwo rasanbleman fèt li yo.


konsa Mwen va bannou lapli yo nan sezon pa yo, pou peyi a donnen pwodwi li yo, e bwa nan chan yo va bay fwi yo.


Anverite, èske sa pa soti nan SENYÈ dèzame yo pou moun travay di pou dife a, e nasyon yo fatige kò yo pou granmesi?


Pandan tout tan sa a, lè yon moun te rive sou yon pil sereyal ak ven mezi, te gen sèlman dis. Lè yon moun te rive sou gwo ja diven, pou rale retire senkant mezi, te gen sèlman ven.


Mwen te plante, Appollos te awoze, men Bondye te fè l grandi.


Mwen gen lakrent pou nou pou petèt mwen te travay ak nou anven.


Sinon, lakòlè SENYÈ a va limen kont nou, epi Li va fèmen syèl yo pou pa gen lapli, e tè a p ap donnen fwi li. Konsa, nou va peri vit soti nan bon peyi ke SENYÈ a ap bannou an.


“Modi va fwi zantray nou ak pwodwi a tè nou yo, kwasans twoupo a, avèk jenn pòtre bann mouton nou yo.


“Krikèt va posede tout bwa ak pwodwi latè nou yo.


Paske yon dife vin limen nan chalè Mwen, ki brile jis rive nan pati pi fon nan sejou lanmò yo. Li manje latè a avèk tout don li yo, e limen dife a nan fondasyon mòn yo.


跟着我们:

广告


广告