Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 25:55 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

55 Paske fis Israël yo se sèvitè Mwen; yo se sèvitè Mwen ke M te mennen fè sòti nan peyi Égypte yo. Mwen se Senyè a, Bondye nou an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

55 Se pou nou swiv regleman sa yo, paske se esklav pa m moun pèp Izrayèl yo ye. Yo se esklav mwen te fè sòti kite peyi Lejip. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an.

参见章节 复制




Levitik 25:55
15 交叉引用  

O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou. Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an. Ou fin lache kòd mwen yo.


Moïse te di a pèp la: “Sonje jou sa a lè nou te sòti an Égypte la, nou te pati kite kay esklavaj la. Paske ak yon men pwisan, SENYÈ a te fè nou sòti nan plas sa a. Epi anyen avèk ledven pa pou manje.


“Mwen menm se SENYÈ a Bondye ou a, ki te mennen ou sòti deyò nan peyi Égypte la, deyò kay esklavaj la.


Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, Sila Ki Sen en Israël la, Sovè ou a. Mwen te bay Égypte kon ranson ou Cush ak Saba nan plas ou.


Paske yo se sèvitè Mwen ke Mwen te mennen sòti nan peyi Égypte la. Yo pa pou vann kon vant esklav la.


“Menm si li pa peye ranson an pa mwayen sila yo, li va toujou sòti nan ane jibile a, li menm avèk fis li yo avè l.


“Nou pa pou fè pou nou menm zidòl, ni nou pa pou mete an plas pou nou menm yon imaj, oswa yon pilye sakre. Ni nou pa pou plase yon wòch taye nan okenn fòm pou bese devan li; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.


Men koulye a ke nou gen tan fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl.


Paske malgre ke m lib de tout moun, mwen fè tèt mwen esklav a tout moun, pou m kapab konvenk plis moun toujou.


Pou sila ki san lalwa yo, kòmsi m te san lalwa, malgre m pa t san lalwa a Bondye a, men anba lalwa a Kris la, pou m te kapab konvenk sila ki san lalwa yo.


Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt.


跟着我们:

广告


广告