Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 25:43 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

43 Nou pa pou domine li avèk severite, men onore Bondye nou an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

43 Piga nou aji mal ak moun pèp Izrayèl parèy nou yo. Se pou nou gen krentif pou Bondye nou an.

参见章节 复制




Levitik 25:43
23 交叉引用  

Alò, Joseph te di yo nan twazyèm jou a: “Fè sa pou viv, paske mwen krent Bondye:


Alò, nou ap pwopoze pou fè pou kont nou, pèp a Juda avèk Jérusalem yo vin soumèt kòm esklav mal ak femèl. Anverite, èske nou menm pa gen transgresyon pou kont nou kont SENYÈ a, Bondye nou an?


Si mwen te refize demand esklav mwen an, gason kon fanm, lè l te fè yon plent kont mwen,


alò, kisa mwen ta kab fè lè Bondye leve? Konsa, lè L rele m pou jijman, ki repons mwen ta kab bay Li?


Men fanm saj yo te pè Bondye, yo pa t fè jan wa Égypte la te kòmande yo a, men yo te kite gason yo viv.


Akoz fanm saj yo te krent Bondye, Li te bay yo gran fanmi yo.


Alò li te vin rive nan jou sa yo ke wa Égypte la te mouri. Epi fis Israël yo t ap fè gwo souf e t ap kriye akoz esklavaj la. Alò, kri pa yo akoz esklavaj sila a, te leve rive jwenn Bondye.


SENYÈ a te di: “Mwen vrèman te wè soufrans a pèp Mwen an ki an Égypte la, e Mwen te reponn a kri pa yo, akoz sila yo k ap peze yo, paske Mwen konnen soufrans yo.


Alò, gade byen kri fis Israël yo gen tan rive devan M. Anplis, Mwen te wè avèk ki opresyon Ejipsyen yo ap oprime yo a.


Anplis de sa, fòmann yo, fis Israël yo, ke chèf kòve Farawon yo te mete sou yo a, te pran kou. Konsa yo te mande yo: “Poukisa nou pa t konplete sa ke nou te gen pou fè a, ni ayè, ni jodi a nan fè brik yo menm jan tankou avan an?”


Mwen te fache ak pèp Mwen an; Mwen te pwofane eritaj Mwen an, e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou. Ou pa t montre yo gras, men menm ak granmoun nan vyeyès yo, ou te fè jouk ou byen lou.


‘Poukisa nou fè jèn e Ou pa wè? Èske nou imilye nou e Ou pa wè?’ “Gade byen, nan jou jèn lan, ou satisfè tout dezi nou yo e nou kòmande byen di tout ouvriye nou yo.


Sila ki manke lasante yo, nou pa t ranfòse yo. Sa ki malad yo, nou pa t geri yo. Sa ki brize yo nou pa t panse yo. Sa ki gaye yo, nou pa t mennen yo retounen, ni nou pa t chache sa ki pèdi yo. Men ak opresyon e ak severite, nou te domine sou yo.


Konsa, pinga nou fè tò a youn lòt, men nou va krent Bondye nou an; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


Paske yo se sèvitè Mwen ke Mwen te mennen sòti nan peyi Égypte la. Yo pa pou vann kon vant esklav la.


“Selon esklav, mal ak femèl ke petèt nou kapab gen,—-nou kapab jwenn esklav mal ak femèl nan nasyon payen ki antoure nou yo.


Nou kapab menm sede a fis apre nou yo, pou resevwa yo kòm yon posesyon. Nou kapab sèvi yo kòm esklav pou tout tan. Men pou moun peyi nou an, nou pa pou domine avèk severite youn sou lòt.


Menm tankou yon ouvriye ki anplwaye ane pa ane li va konsa avèk li. Li p ap domine sou li avèk severite devan zye nou.


“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.


Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.


kijan li te rankontre nou nan chemen an e te atake pami nou tout sila ki rete dèyè yo lè nou te fatige e san fòs la. Li pa t krent Bondye.


Mèt yo, bay esklav nou yo sa ki jis e rezonab, epi konnen ke nou osi gen yon Mèt nan syèl la.


跟着我们:

广告


广告