Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 25:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 “‘Se konsa ke nou va obsève règleman Mwen yo e kenbe jijman Mwen yo, pou akonpli yo, pou nou kapab viv an sekirite sou tè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Se pou nou swiv lòd mwen ban nou yo, se pou nou kenbe tout kòmandman m yo. Se pou nou swiv yo, se konsa n'a kapab viv nan peyi a san nou pa bezwen pè anyen.

参见章节 复制




Levitik 25:18
20 交叉引用  

Gade byen, “Mwen gen entansyon bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye mwen an, jan SENYÈ a te pale a David la, papa m nan, kon Li te di: ‘Fis ou a, ke mwen va mete sou twòn pa w la, nan plas ou a, li va bati kay la pou non Mwen.’


pou sila ki kenbe akò Li yo, e sonje règleman Li yo pou fè yo.


Anpè, mwen va kouche pou dòmi, paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.


Men sila ki koute mwen an va viv ansekirite, e li va rete alèz san pè malè.”


Nan jou Li yo, Juda va sove, e Israël va rete ansekirite. Men non pa sila yo va rele Li a: ‘SENYÈ a, Ladwati Nou an.’”


Li te di: “Vire koulye a nou tout e kite wout mechan nou, mechanste a zak nou yo pou vin rete nan peyi ke SENYÈ a te bannou ak papa zansèt nou yo pou tout tan, jis rive pou tout tan.


Nan jou sa yo, Juda va vin sove e Jérusalem va ansekirite. Men non pa sila li va rele a: SENYÈ a se ladwati nou.”


Konsa yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fè peyi a vin yon dezolasyon ak yon dezè akoz tout zak abominab ke yo te komèt yo.”’


“‘Se pou nou kenbe règleman Mwen yo. Nou pa pou fè kwazman de ras bèf. Nou pa pou plante chan nou avèk de kalite grenn; Ni pou abiye ak yon vètman ki gen de kalite twal ki mele ansanm.


“‘Se konsa nou va obsève tout règleman Mwen yo ak tout òdonans Mwen yo, e fè yo. Mwen se SENYÈ a.’”


“‘Konsa, tè a va donnen pwodwi li pou nou kapab manje vant plen, e viv an sekirite sou tè a.’”


“Lè nou travèse Jourdain an pou viv nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj la; epi Li bannou repo sou tout lènmi ki antoure nou yo pou nou viv ansekirite,


A Benjamin, li te di: “Ke byeneme SENYÈ a ta rete ansekirite ak Li, paske Li pwoteje li tout lajounen. Sila SENYÈ a renmen an rete antre zepòl Li.”


Konsa, Israël viv ansekirite, sous Jacob ki mete apa a, nan yon peyi sereyal avèk diven nèf. Wi, syèl Li yo vin degoute lawouze a.


跟着我们:

广告


广告