Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 25:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 “‘Anplis, si nou fè lavant bay zanmi nou, oswa achte nan men zanmi nou, nou pa pou fè tò a youn lòt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Konsa, si n'ap vann yon moun pèp Izrayèl parèy nou yon tè osinon si n'ap achte tè nan men l, piga nou fè koutay yonn sou do lòt.

参见章节 复制




Levitik 25:14
33 交叉引用  

Alò, Asa te fache avèk konseye a, e li te mete li nan prizon, paske li te anraje avèk li pou bagay sa a. Epi nan menm lè a, Asa te oprime kèk moun nan pèp la.


pou bay jistis a òfelen an avèk oprime a, pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.


Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li; men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L.


Sila ki fèmen zòrèy li a kri aflije a, va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn repons.


Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li; ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete.


Yon gouvènè ki peze pèp la manke bon konprann; men sila ki rayi richès ki pa jis, pwolonje jou li yo.


Yon moun pòv ki peze malere se tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen.


Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan, ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.


Si ou wè malere a vin oprime e pa gen lajistis nan pwovens yo, pa sezi lè ou wè l. Paske gen chèf sou chèf, e gen chèf pi wo sou yo.


Aprann fè sa ki bon; chache lajistis, fè sekou oprime yo, defann òfelen yo, plede ka a vèv la.


Sila ki mache nan ladwati a e ki pale ak kè sensè a? Sila ki refize benefis lajan ki sòti nan enjistis la, e ki souke men l pou sa ki vèse anba tab pa rete nan yo; sila ki bouche zòrèy li pou l pa menm tande afè vèse san, e ki fèmen zye l pou l pa gade mal.


Paske chan rezen SENYÈ dèzame yo se lakay Israël, e pèp Juda a se plant ki ba Li plezi a. Konsa, Li t ap chache jistis; men olye sa Li te jwenn san vèse; pou ladwati, men olye sa, moun k ap rele “Amwey”.


“Se pa jèn sila a ke M pito; pou lache lyann mechanste yo, pou demare kòd jouk la, pou lese oprime yo pran libète e kase tout jouk yo?


“Men zye ou ak kè ou rete sèlman sou richès ki ranmase nan zak malonèt, nan vèse san inosan, nan opresyon ak vyolans.”


Nan ou yo te trete papa ak manman a lejè. Etranje yo te oprime nan mitan ou. Òfelen ak vèv yo te maltrete nan ou.


“‘Nou pa pou oprime vwazen nou, ni vòlè li. Salè a yon ouvriye jounalye pa pou rete nan men nou tout lannwit pou rive nan maten.


Konsènan nonb ane apre jibile yo, konsa, nou va achte nan men zanmi nou. Li dwe vann nou selon nonb ane rekòlt yo ki rete.


Konsa, pinga nou fè tò a youn lòt, men nou va krent Bondye nou an; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


Toude men yo sou sa ki mal la pou fè l byen. Prens lan mande, e jij la prè pou yon glise anba tab. Yon nonm pwisan prezante tout mechanste ke nanm li bezwen. Konsa yo trese l pou fè l vin yon sèl.


Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”? Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”


Okontrè, nou menm, nou fè lenjistis ak fwod la. Nou fè sa menm kont frè nou yo.


Fis Israël yo te kriye a SENYÈ a, paske li te gen nèf san cha fèt an fè, e avèk severite, li te oprime fis Israël yo pandan ventan.


跟着我们:

广告


广告