Anverite, moun k ap vann nan p ap retounen nan sa li te vann nan, malgre yo toujou vivan; paske vizyon konsène tout foul moun yo. Yo p ap retounen, ni okenn nan yo p ap ka pwolonje lavi yo nan mitan inikite yo.
Se konsa, nou va konsakre senkantyèm ane a e pwoklame remisyon toupatou nan peyi a, a tout abitan li yo. Li va yon jibile pou nou, e nou chak va retounen nan pwòp teren pa nou ak pwòp fanmi pa nou.
Men si li poko twouve ase mwayen pou reprann li pou kont li, alò, sa ke li te vann nan, va rete nan men a sila ki achte li a jis rive nan ane jibile a. Men nan jibile a, li va libere, pou li kapab retounen kon pwòp tè pa li.