Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 24:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Nou va mete yo nan de ranje, sis nan chak ranje, sou tab lò san tach ki devan SENYÈ a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 W'a mete pen yo sou de ran sou tab lò ki devan Senyè a, sis pen nan chak ran.

参见章节 复制




Levitik 24:6
13 交叉引用  

Salomon te fè tout mèb ki te lakay SENYÈ a: lotèl an lò, tab an lò, sou sila pen a Prezans lan te ye a;


Chak maten e chak swa, yo brile bay SENYÈ a ofrann brile avèk lansan santi bon, pen konsakre ki sou tab pwòp, e chandelye a avèk lanp li yo pou limen chak swa; paske nou kenbe chaj a SENYÈ a, Bondye nou an, men ou te abandone Li.


Anplis, Salomon te fè tout bagay ki te nan kay Bondye a: lotèl an lò a, tab yo avèk pen prezans lan sou yo,


pou pen konsakre, ofrann sereyal ki pa janm fini, ofrann brile ki pa janm fini, Saba yo, nouvèl lin, pou lè chwazi yo, pou bagay sen yo e pou ofrann peche pou fè ekspiyasyon pou peche Israël yo ak tout travay lakay Bondye nou an.


Menm jan an, nou te tire osò pou founi depo bwa pou prèt yo, Levit yo ak pèp la pou yo ta kab mennen li lakay Bondye a, selon lakay zansèt papa nou yo, nan lè ki te etabli nan ane a, pou brile sou lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, jan sa ekri nan lalwa a;


“Ou va mete pen Prezans lan sou tab la devan Mwen pou li la tout lè.


tab la, tout bagay itil li yo, ak pen a Prezans lan;


Lotèl la te fèt an bwa, twa koude nan wotè e longè a, de koude. Kwen li yo, baz li e akote li yo te an bwa. Epi li te di mwen: “Sa se tab ki devan SENYÈ a.”


Men tout bagay dwe fèt byen pwòp ak nan lòd.


Paske te gen yon tabènak ki te fin prepare. Sa ki pa deyò a, nan li te gen chandelye a, tab la, ak pen sakre a. Yo rele l lye sen an.


跟着我们:

广告


广告