Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 23:38 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

38 apati Saba sila ki pou SENYÈ yo, apati kado nou yo, apati tout ofrann ve avèk ofrann bòn volonte ke nou bay SENYÈ yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

38 Apa tout jou repo Senyè-yo, n'a fete fèt sa yo tou. Apa kado pou nou fè nòmalman, apa ofrann n'ap fè paske nou te fè ve, apa ofrann n'ap fè pou Senyè a paske nou te vle fè l, n'a fè ofrann sa yo.

参见章节 复制




Levitik 23:38
15 交叉引用  

Koré, fis a Jimna a, Levit la, gadyen pòtay lès la, te chèf sou ofrann bòn volonte a Bondye yo, pou fè distribisyon don pou SENYÈ a avèk bagay ki sen pase tout lòt bagay yo.


Paske Ou te delivre nanm mwen soti nan lanmò. Ou te anpeche pye mwen glise tonbe, pou m ta kab mache devan Bondye nan limyè a moun vivan yo.


Li va koupe retire nanm a prens yo. Wa latè yo gen lakrent Li.


Lè prens lan founi yon ofrann bòn volonte, yon ofrann brile, oswa ofrann lapè kon ofrann bòn volonte a SENYÈ la, pòtay vè lès la va vin ouvri pou li. Epi li va founi ofrann brile pa li a, ak ofrann lapè li a, jan li konn fè nan jou Saba a. Epi li va sòti e pòtay la va vin fèmen lè li fin sòti.


“‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


“‘Pandan sis jou, travay kapab fèt, men sou setyèm jou a, va gen yon repo Saba konplè, yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay. Se yon Saba a SENYÈ a nan tout domisil nou yo.


“‘Sa yo se lè chwazi SENYÈ a ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen, pou prezante ofrann dife bay SENYÈ a—ofrann brile ak ofrann sereyal yo, sakrifis yo avèk ofrann bwason yo, zafè chak jou nan pwòp jou pa li—


“‘Byen jis nan kenzyèm jou nan setyèm mwa a, lè nou gen tan antre rekòlt nan peyi a, nou va fete fèt ki pou SENYÈ a pandan sèt jou. Nou va fè yon repo solonèl nan premye jou a, e yon repo solonèl nan uityèm jou a.


“‘Nou va prezante sila yo bay SENYÈ a nan lè fèt apwente nou chwazi yo—anplis, ofrann ve nou yo ak ofrann bòn volonte nou yo—pou ofrann brile nou yo, pou ofrann sereyal pa nou yo, ofrann bwason pa nou yo ak ofrann lapè nou yo.’”


La, nou va mennen ofrann brile nou yo, sakrifis nou yo, dim nou yo, don ki sòti nan men nou yo, ofrann ve yo, ofrann bòn volonte yo, avèk premye ne nan twoupo nou yo ak nan bann mouton nou yo.


跟着我们:

广告


广告