Jéroboam te etabli yon fèt nan di-zuityèm mwa, sou kenzyèm jou nan mwa a, tankou fèt ki nan Juda a, e li te monte vè lotèl la. Konsa li te fè nan Béthel e li te fè sakrifis a ti bèf ke li te fè yo. Anplis, li te estasyone Béthel prèt pou wo plas ke li te fè yo.
Yo te selebre Fèt Tonèl yo kon sa ekri a, e te fè fòs kantite ofrann brile ki te etabli chak jou yo, selon obligasyon chak jou ke òdonans lan egzije yo;
Epi li va vin rive ke tout moun ki rete nan tout nasyon ki te ale kont Jérusalem yo, yo tout va ale monte ane pa ane pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, e pou selebre Fèt Tonèl yo.