Yo va sou Aaron avèk fis li yo lè y ap antre nan tant reyinyon an, oswa lè y ap pwoche lotèl la pou fè sèvis nan lye sen an, pou yo pa atire koupabilite, e mouri. “Sa va yon règleman pou tout tan pou li, e pou desandan apre li yo.”
Prèt li yo te fè vyolans kont lalwa Mwen an, e te pwofane bagay sen Mwen yo. Yo pa t fè okenn separasyon antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, ni yo pa t ansegne distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. Yo kache zye yo devan Saba Mwen yo, e Mwen vin pwofane pami yo.