Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 19:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 “‘Pa vire bò kote moun ki fè kontak ak mò yo, ni ki chache move lespri yo. Pa chache yo pou nou pa vin degrade pa yo menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Piga n'al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant osinon moun k'ap fè divinò. Si nou fè sa, n'ap tounen tankou moun sa yo, nou p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!

参见章节 复制




Levitik 19:31
22 交叉引用  

Konsa, yo te fè fis avèk fi pa yo pase nan dife, yo te pratike divinasyon avèk Wanga e yo te vann pwòp tèt yo pou fè mal nan zye SENYÈ a e pwovoke Li.


Li te fè fis li yo pase nan dife, pratike maji e sèvi divinasyon. Li te sèvi moun ki pale ak mò ansanm ak lespri. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.


Anplis, Josias te retire moun ki te konn rele lespri mò yo, avèk bòkò avèk zidòl lakay yo ak tout lòt zidòl avèk tout abominasyon ki te konn wè nan tout peyi Juda a avèk Jérusalem, pou li ta kapab konfime pawòl lalwa ki te ekri nan liv ke Hilkija, prèt la, te twouve lakay SENYÈ a.


Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy,


Anplis, li te fè fis li yo pase nan dife nan vale Ben-Hinnom, epi li te pratike vye maji, divinasyon, fè wanga e li te fè angajman avèk sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.


Ou pa pou kite yon majisyen viv.


Konsa ou va vin bese. Se jis nan tè a, pale ou va bougonnen depi nan pousyè. Vwa ou va, anplis, tankou yon vwa a yon lespri, konsi ou konnen l deja, k ap soti nan tè a. Se konsa pawòl ou yo va chichote soti nan pousyè a.


Ou vin fatige ak tout konsèyè yo. Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo, k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo, vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.


Lè y ap di nou: “Konsilte sila ki konn pale ak mò yo ak divinò ki yo menm pale ak ti souf e bougonnen;” èske yon pèp pa ta dwe konsilte Bondye pa yo? Èske yo ta dwe konsilte mò yo pou sila ki vivan yo?


“‘Nou pa pou manje anyen avèk san ki rete nan li. Nou pa pou pratike maji ni divinasyon zetwal ni predi evenman k ap vin rive.


“‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


“‘Alò, yon nonm oswa yon fanm ki kontakte mò yo, oswa lespri yo, yo va anverite vin mete a lanmò. Yo va vin lapide avèk kout wòch. Koupabilite san rete sou yo.’”


Yo te koute li, paske pandan anpil tan li te konn etone yo avèk metye maji sila a.


idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon


Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”


Nan lè sa a Samuel te fin mouri, tout Israël te deja kriye pou li e te antere l Ramah, pwòp vil pa li. Epi Saül te fin retire nan peyi a tout kalite moun sila ki te konn rele mò yo ak divinò yo.


跟着我们:

广告


广告