Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 19:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 “‘Se pou nou kenbe règleman Mwen yo. Nou pa pou fè kwazman de ras bèf. Nou pa pou plante chan nou avèk de kalite grenn; Ni pou abiye ak yon vètman ki gen de kalite twal ki mele ansanm.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Se pou nou kenbe lòd mwen ban nou yo. Piga nou kwaze de zannimo ki pa menm kalite. Piga nou plante de kalite plant anmenmtan nan jaden nou. Piga nou mete sou nou rad depaman.

参见章节 复制




Levitik 19:19
18 交叉引用  

Men fis a Tsibeon yo: Ajja ak Ana. Se te Ana ki te twouve sous cho nan dezè a lè l t ap fè gadyen bourik yo pou papa l, Tsibeon.


Sèvitè a Absalom yo te fè Amnon jis jan ke Absalom te kòmande a. Epi tout fis a wa yo te leve monte milèt pa yo e te sove ale.


Alò, Absalom te vin rankontre sèvitè a David yo. Paske Absalom te monte sou milèt li e milèt la te antre anba gwo branch a yon gwo bwadchenn. Epi tèt li te kole rèd nan chenn nan e li te vin kwoke antre syèl avèk tè a, pandan milèt la anba li t ap kontinye ale.


Wa a te di yo: “Pran avèk ou sèvitè a mèt ou yo, e fè fis mwen an, Salomon, monte sou milèt pa m nan pou l mennen anba nan Guihon.


Cheval yo te kontwole nan sèt-san-trann-sis e milèt yo nan de-san-karann-senk.


Se pou nou aji selon jijman pa M e kenbe règleman pa M, pou mache nan yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


“‘Se konsa nou va obsève tout règleman Mwen yo ak tout òdonans Mwen yo, e fè yo. Mwen se SENYÈ a.’”


“‘Nou va kenbe règleman Mwen yo, e nou va swiv yo. Mwen se SENYÈ a ki fè nou sen an.


“Konsa nou va kenbe kòmandman Mwen yo, e fè yo. Mwen se SENYÈ a.


“‘Se konsa ke nou va obsève règleman Mwen yo e kenbe jijman Mwen yo, pou akonpli yo, pou nou kapab viv an sekirite sou tè a.


Li t ap di yo yon parabòl: “Pèsonn pa chire yon mòso twal, fè l sòti nan yon vètman nèf, pou mete l sou yon vètman ki vye. Otreman l ap non sèlman fin chire nèf la, men nèf la p ap parèt menm jan ak vye a.


Men si se pa gras sa rive, li pa baze ankò sou zèv. Otreman li pa t ap gras ankò. Men si se pa zèv, li pa gras ankò. Otreman, zèv se pa zèv ankò.


“Koulye a, O Israël, koute règleman avèk jijman ke mwen ap enstwi nou pou nou fè, pou nou kapab viv. Antre ladann e pran posesyon a peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, ap bannou.


“Nou wè, mwen te enstwi nou règleman avèk jijman yo jis jan SENYÈ a, Bondye mwen an, te kòmande mwen an, pou nou ta fè konsa nan peyi kote nou ap antre pou posede a.


跟着我们:

广告


广告