Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 19:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 “‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo. Nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Piga nou fè lenjistis nan tribinal. Piga nou fè patipri pou pòv, ni piga nou achte figi grannèg. N'a rann jistis pou tout frè parèy nou san paspouki.

参见章节 复制




Levitik 19:15
20 交叉引用  

Èske ou va pran ka pa Li? Èske ou va diskite pou Bondye?


Alò, pa kite mwen pran pati a okenn moun, ni flate pèsòn.


Ki p ap montre patipri a prens yo, ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv, paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye.


Pou konbyen de tan nou va jije san jistis, e montre favè a mechan yo?


“Anplis de sa, ou va chwazi pami tout pèp la, mesye ki kapab yo ki gen lakrent Bondye, moun ak verite, ki rayi richès malonèt. Konsa, ou va plase yo sou pèp la kòm chèf sou milye, sou santèn, sou senkantèn, ak sou dis.


Panche vè youn moun mechan an pa bon, ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo.


Sila yo, anplis, se pawòl a sajès: Fè patipri nan jijman pa bon.


Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati, e defann dwa a aflije yo ak endijan an.”


Nou pa pou fè move jijman, ni nan mezire longè, pwa, oubyen kapasite.


“Pa jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.”


Konsa, Paul te di li: “Bondye pral frape ou, ou menm miray ki blanchi avèk lacho! Èske ou chita pou jije m selon Lalwa a, e nan vyolasyon Lalwa a, ou pase lòd pou yo frape m?”


Nou pa pou gen moun pa nan jijman an; nou va tande moun gwo pwa avèk moun ki manke pwa egal menm jan. Nou pa pou pè moun, paske jijman an se pou Bondye. Ka ki twò difisil pou nou an, nou va pote li ban mwen, e mwen va tande l.’


“Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab.


Nou p ap tòde jistis la. Nou p ap fè patipri, e nou p ap pran anyen anba tab; paske afè anba tab avegle zye a saj yo, e pèvèti pawòl a sila ki dwat yo.


‘Modi se sila ki tòde lajistis pou yon etranje, òfelen, oswa vèv.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.


跟着我们:

广告


广告