Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 17:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 “‘Epi nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami yo, ki bwè nenpòt san, Mwen va mete figi Mwen kont moun sa a ki bwè san an, e li va koupe retire de pèp li a.’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Pèsonn ni nan pèp Izrayèl la, ni pami moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gendwa manje vyann ak tout san li ladan l. Si li fè l, mwen menm Senyè a, mwen p'ap okipe l ankò, m'ap wete l nan mitan pèp mwen an.

参见章节 复制




Levitik 17:10
25 交叉引用  

“Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di san li.


Konsa, li te di: “Lwen de mwen O SENYÈ! Èske m ta bwè san a mesye ki te mete lavi yo nan gwo danje a?” Pou sa, li pa t bwè li. Se zèv sila yo ke twa mesye vanyan sa yo te fè.


Figi SENYÈ a kont malfektè yo, pou efase memwa yo sou tè a.


Nenpòt moun ki mele nenpòt bagay parèy ak li, oswa nenpòt moun ki mete okenn nan li sou yon moun ki pa prèt, li va koupe retire pami moun li yo.”


Paske Mwen te ranje figi M kont vil sa a pou mal, e pa pou byen,” deklare SENYÈ a. “Li va livre nan men a wa Babylone nan e li va brile li ak dife.”’


“Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap fikse fas Mwen kont nou pou malè, menm pou koupe retire tout Juda.


Mwen va pozisyone figi M kont mesye sa a, fè li yon sign ak yon pwovèb, e Mwen va koupe retire li nèt de pèp Mwen an. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.


Mwen mete figi M kont yo. Byenke yo te sòti nan dife a, malgre sa, dife a va manje yo. Ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen mete figi M kont yo.


Pou sa, pale yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nou manje vyann ak san ladann; nou leve zye nou vè zidòl yo pandan n ap vèse san. Èske konsa, nou ta dwe vin posede peyi a?


Lè nou te mennen etranje yo antre, ensikonsi nan kè yo ak ensikonsi nan chè yo, pou antre nan sanktyè Mwen an, pou pwofane li, menm lakay Mwen an, lè nou te ofri manje Mwen an, grès ak san an; paske yo te anile akò Mwen an—tout sa, anplis de tout abominasyon nou yo.


Paske vi a chè a se nan san an, e Mwen te bannou li sou lotèl la pou fè ekspiyasyon pou nanm nou; paske se san li ye, akoz lavi ki fè ekspiyasyon an.


“‘Nou pa pou manje anyen avèk san ki rete nan li. Nou pa pou pratike maji ni divinasyon zetwal ni predi evenman k ap vin rive.


Mwen va mete figi Mwen kont nou jiskaske nou vin frape devan lènmi nou yo. Sila ki rayi nou yo va domine sou nou, e nou va kouri sove ale menm lè pa gen moun k ap kouri dèyè nou.


“‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, ni okenn san.’”


Menmsi yo antre an kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen.


men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak imoralite seksyèl, ak vyann sa ki toufe, ak san.


pou nou evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, san, bagay ki toufe, ak imoralite seksyèl. Si nou kenbe tèt nou lib de bagay sila yo, nou va fè byen. Orevwa.”


Sepandan, nou pa pou bwè san an; nou dwe vide li atè tankou dlo.


“Sèlman, fè sèten ke nou pa bwè san an, paske san an se lavi, e nou p ap bwè lavi avèk chè a.


Sèlman, nou p ap bwè san li. Nou dwe vide li atè tankou dlo.


Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?


Pèp la te kouri avèk gwo anvi sou piyaj la. Yo te pran mouton yo avèk gwo bèf ak ti bèf yo, yo te touye yo atè a, e yo te manje yo avèk san an.


Alò, yo te pale Saül e te di: “Gade byen, pèp la ap peche kont SENYÈ a pandan yo manje avèk san an.” Epi li te di: “Nou te aji kòm trèt; woule yon gwo wòch kote mwen jodi a.”


跟着我们:

广告


广告