Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 16:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 “Alò, nou va gen sa kòm yon règleman pou tout tan, pou fè ekspiyasyon pou fis Israël yo pou tout peche pa yo, yon fwa chak ane.” Epi jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa sa te fèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

34 Men regleman pou nou swiv tout tan tout tan. Se yon sèvis pou yo fè yon fwa chak lanne pou mande padon pou peche pèp Izrayèl la. Yo te fè tout bagay jan Senyè a te bay Moyiz lòd fè a.

参见章节 复制




Levitik 16:34
14 交叉引用  

Nan tant rankont lan, deyò tapi a, ki avan temwayaj la, Aaron avèk fis li yo va kenbe li an lòd depi nan aswè rive jiska maten devan SENYÈ a: li va yon règleman jis pou tout tan, pou tout jenerasyon pa yo, pou fis Israël yo.”


Aaron va fè ekspyasyon sou kòn li yo yon fwa pa ane. Li va fè ekspyasyon sou li avèk san ofrann peche ki pou ekspyasyon an yon fwa pa ane pandan tout jenerasyon nou yo. Li pi sen pase tout bagay bay SENYÈ a.”


Epi Moïse te egzamine tout travay la, e gade byen, konsa yo te fè li; jis jan ke SENYÈ a te kòmande a, se sa yo te fè. Epi Moïse te beni yo.


SENYÈ a te di a Moïse: “Di frè ou a, Aaron, ke li pa pou antre nan nenpòt lè nan lye sen an anndan vwal la, devan twòn ekspiyatwa a ki sou lach la, oswa li va mouri; paske Mwen va parèt nan nwaj la sou twòn pwopiyatwa a.


Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:


Nou pa pou fè okenn travay nan menm jou sa a, paske li se yon jou ekspiyasyon, pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a, Bondye nou an.


Nou pa pou travay menm. Se yon règleman k ap dire pandan tout jenerasyon nou yo nan tout kay nou yo.


Konsa, Moïse te pale a fis Israël yo. Yo te mennen sila ki te modi a deyò kan an, e yo te lapide li avèk kout wòch. Konsa fis Israël yo te fè, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


“‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, ni okenn san.’”


“‘Epi nan dizyèm jou nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen, e nou va imilye nou. Nou p ap fè okenn travay.


Paske pa yon sèl ofrann, Li te vin rann pafè pou tout tan sila ki vin sen yo.


Men nan sakrifis sa yo, gen yon sistèm pou sonje peche yo ane apre ane.


Ni se pa t pou Li ta kab ofri tèt Li souvan, kòm wo prèt ki antre nan lye sen an ane aprè ane avèk san ki pa pou li a.


men nan dezyèm nan, se sèl wo prèt la ki antre ladann yon fwa pa ane. Men fòk li pote san, ke li ofri pou tèt li a ak pou peche ke pèp la te fè nan inyorans yo.


跟着我们:

广告


广告