Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 16:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 “Lè li fin fè ekspiyasyon pou lye sen an, tant asanble a, ak lotèl la, li va ofri kabrit vivan an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Lè Arawon va fin fè sèvis pou wete peche pou kote ki apa nèt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotèl la, l'a fè yo pwoche bouk kabrit vivan yo te chwazi pou Azazèl la devan Senyè a.

参见章节 复制




Levitik 16:20
12 交叉引用  

Konsa nou va fè nan setyèm jou nan mwa a pou tout moun ki vin egare kite chemen dwat la, oswa ki fè enpridans. Konsa ou va fè ekspiyasyon pou kay la.


Li va fè ekspiyasyon pou lye sen an akoz salte fis Israël yo, akoz transgresyon pa yo avèk tout peche yo. Konsa, li va fè pou tant asanble ki rete avèk yo nan mitan tout salte pa yo.


Avèk dwèt li, li va flite kèk nan san an sou li sèt fwa pou fè l vin pwòp, soti nan salte a fis Israël yo, e konsakre li.


Alò, Aaron va poze de men li sou tèt kabrit vivan an, e li va konfese sou li tout inikite a fis Israël yo, tout transgresyon pa yo selon tout peche yo. Li va poze yo sou tèt kabrit la e li va voye li nan dezè a pa men yon moun ki prepare pou sa.


Men okenn ofrann peche ki te gen san ki te pote antre nan tant asanble a pou fè ekspiyasyon nan lye sen an p ap manje. Li va brile avèk dife.


Apre sa, Moïse te touye li. Li te pran san an avèk dwèt li, li te mete kèk nan li toupatou sou kòn lotèl la, e te pirifye lotèl la. Rès san an, li te vide li nan baz lotèl la, e li te konsakre li pou fè ekspiyasyon pou li.


Li menm ki te livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.


Kilès ki k ap kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki ap entèsede pou nou tou.


Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.


epi selon Li menm, pou rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa san lakwa Li a.


Konsa, osi, Li kapab sove pou tout tan sila ki vin rapwoche de Bondye atravè Li menm yo, paske Li toujou vivan pou entèsede pou yo.


e Sila ki viv la. Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.


跟着我们:

广告


广告