Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 14:57 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

57 pou enstwi yo lè yo pa pwòp ak lè yo pwòp. Sa se lalwa lalèp la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

57 Se konsa n'a konnen lè yon bagay nan bon kondisyon osinon lè li pa nan bon kondisyon pou moun k'ap sèvi Bondye. Se tout regleman yo sa pou move maladi po.

参见章节 复制




Levitik 14:57
7 交叉引用  

Konsa, pale SENYÈ a: “Si ou retounen, alò, Mwen va mennen ou ankò pou ou kanpe devan M. Si ou separe sa ki presye soti de sa ki san valè, ou va vin tankou bouch Mwen. Yo va retounen kote ou; men ou menm, ou pa p retounen kote yo menm.


Anplis, yo va enstwi pèp Mwen an pou distenge antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, e fè yo distenge antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp.


Fòk nou fè yon distenksyon antre sa ki sen ak sa ki pa sen; antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp.


Sa se lalwa pou mak lalèp kanni nan yon vètman an len nèt, oswa len fen, oswa an tise, oswa an trikote, oswa an nenpòt bagay ki fèt an kwi, pou pwoklame li pwòp oswa pa pwòp.


epi pou yon enflamasyon, pou yon kal sou po li, ak yon kote ki klere blan—


SENYÈ a osi te pale avèk Moïse avèk Aaron. Li te di yo:


“Fè atansyon kont enfeksyon lalèp, pou nou swiv avèk dilijans e fè tout sa ke prèt Levit yo te enstwi nou. Jan mwen te kòmande yo a, se konsa nou va fè atansyon pou nou fè.


跟着我们:

广告


广告