Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp. Tout zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt; konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy, e inikite nou yo tankou van, pote nou ale.
Pou sa, li va brile rad la, kit an tise, oswa an trikote, oswa an len nèt, an len fen, oubyen nenpòt bagay an kwi kote mak la parèt, paske li se lalèp kanni maleng. Li va brile nan dife.
Sa se lalwa pou mak lalèp kanni nan yon vètman an len nèt, oswa len fen, oswa an tise, oswa an trikote, oswa an nenpòt bagay ki fèt an kwi, pou pwoklame li pwòp oswa pa pwòp.