Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 13:46 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

46 Li va rete pa pwòp pandan tout jou ke enfeksyon an dire yo. Li pa pwòp. Li va abite izole pou kont li. Li gen pou rete deyò kan an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

46 Pandan tout tan maladi a va sou li, li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon moun ki gen move maladi po li ye. L'a rete yon kote pou kont li, nan yon kay andeyò limit kote moun rete.

参见章节 复制




Levitik 13:46
22 交叉引用  

Konsa, san sa a vin tonbe sou tèt Joab avèk tout lakay papa li. Epi pou ta genyen toujou lakay li yon moun ki gen ekoulman, oswa lalèp, oswa ki oblije mache ak baton, oswa ki tonbe pa nepe, oswa ki manke pen.”


SENYÈ a te frape wa a pou l te gen yon lalèp jis rive jou ke li te mouri an. Epi li te viv nan yon kay apa pandan fis a wa a, Jotham te nan kay la, e t ap jije pèp peyi a.


Alò, te genyen kat mesye lalèp nan antre pòtay la. Yo te di youn ak lòt: “Poukisa n ap chita la jiskaske nou mouri?


Wa Ozias te rete yon moun lalèp jis rive nan jou li te mouri an. Li te rete nan yon kay apa, akoz lalèp la, paske li te entèdi antre lakay SENYÈ a. Jotham, fis li a, te lakay wa a pou te jije pèp peyi a.


Gen yon kalite ki san tach nan pwòp zye li; sepandan, yo poko lave pou sòti salte a.


A la sèl, vil ki te konn plen moun nan chita sèl! Li vin tankou yon vèv ki te konn byen pwisan pami nasyon yo! Sila ki te konn yon fanm byen gran pami nasyon yo! Li menm ki te yon prensès pami pwovens yo, Koulye a, se travo fòse li oblije fè!


Jérusalem te fè gwo peche. Konsa, li te vin yon bagay ki pa pwòp. Tout sila ki te konn louwe l yo, meprize l akoz yo te wè li toutouni. Menm li menm plenn nan gòj, e vire an ayè.


“Sòti! Pa pwòp!” Yo te kriye a yo menm. “Sòti, sòti, pa touche!” Konsa yo te sove ale, e te mache toupatou. Pami nasyon yo, yo te di: “Yo p ap ka kontinye rete pami nou”.


“Lè yon vètman vin gen lalèp kanni, kit se twal len nèt kit se twal len fen,


epi prèt la va ale deyò kan an. Konsa prèt la va gade, e si enfeksyon lalèp la te geri nan moun lalèp la,


Si gen yon moun ki refize nye li menm nan jou sa a, li va koupe retire de pèp li a.


Pandan Li t ap antre nan yon sèten vilaj, dis lepre ki te kanpe a yon distans te rankontre L.


nou gen pou livre yon nonm konsa bay Satan pou detwi chè l, pou lespri li kapab sove nan jou Senyè a Jésus.


Si yon moun pa obeyi a enstriksyon nou an nan lèt sa, pran nòt de moun sa a, e pa asosye nou avè l pou li kab vin wont.


Alò, nou kòmande nou, frè yo, nan non Senyè nou an, Jésus Kris, pou nou rete lwen de tout frè ki mennen yon vi san prensip e ki pa an akò avèk tradisyon ke nou te resevwa de nou menm yo.


diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.


P ap gen anyen ki pa pwòp. Moun ki pratike abominasyon ak manti p ap janm antre ladann, men sèlman sila ke non yoekri nan liv lavi a Jèn Mouton an.


Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.


跟着我们:

广告


广告