Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 10:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Kwis ke yo te ofri nan leve a, ak pwatrin ke yo te ofri nan ofrann balanse an lè la, yo va pote yo ansanm avèk ofrann pa dife pati grès la, pou prezante kòm yon ofrann leve balanse an lè devan SENYÈ a. Konsa, li va yon bagay ki dwa ou, e dwa fis ou yo avèk ou pou tout tan, jan SENYÈ a te kòmande a.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Wi, y'a pote jigo ak pwatrin y'ap ofri pou boule ansanm ak pòsyon grès y'ap ofri pou boule nan dife pou Senyè a. Y'a balanse yo devan Bondye. Pòsyon sa yo va toujou rete pou ou ansanm ak pou pitit ou yo, jan Senyè a te bay lòd la.

参见章节 复制




Levitik 10:15
12 交叉引用  

Paske tout peyi ke ou wè a, Mwen va ba ou li, ak desandan ou yo pou tout tan.


Yon sèvitè ki fèt lakay nou, oswa ki te achte avèk lajan nou va asireman vin sikonsi; konsa akò Mwen va nan chè nou, yon akò pou tout tan.


Nan moman sa a, Abraham te tonbe sou figi li. Li te ri e li te di nan kè l: “Èske yon pitit va fèt a yon nonm santan? Epi èske Sarah, ki gen katre-ven-diz ane va fè yon pitit?”


“Mwen va ba ou avèk desandan ou yo peyi kote nou vwayaje yo, tout tè Canaan an, kòm yon posesyon k ap pou tout tan, epi Mwen va Bondye pa yo.”


“Ou va konsakre pwatrin ofrann balanse a, kwis ofrann ki te voye anlè a, ki te balanse e ki te ofri kòm belye òdonasyon an, sila ki te pou Aaron an, ak sila ki te pou fis li yo.


Li va pou Aaron avèk fis li yo kòm pòsyon pa yo jis pou tout tan; li va sòti nan fis Israël yo, paske se yon ofrann voye anlè ke li ye. Li va yon ofrann voye anlè sòti nan fis Israël yo, sòti nan sakrifis ofrann lapè pa yo, menm ofrann anlè bay SENYÈ a.


Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann pa dife pou SENYÈ a.


“‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, ni okenn san.’”


Paske, Mwen te pran pwatrin nan ofrann vag la ak kwis la ki te bay pa fis Israël yo ki sòti nan ofrann lapè pa yo a pou bay yo a Aaron, prèt la, ak fis li yo, kòm dwa yo pou tout tan ki sòti nan fis Israël yo.’”


Tout don ki apatyen a kado sen a fis Israël yo, ke yo ofri a prèt la, va pou li.


跟着我们:

广告


广告