Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Levitik 10:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Answit, Moïse te pale ak Aaron e ak fis ki te rete vivan yo, Éléazar avèk Ithamar: “Pran ofrann sereyal ki toujou rete nan ofrann pa dife SENYÈ a, e manje li san ledven akote lotèl la, paske li sen pase tout.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Moyiz pale ak Arawon ansanm ak pitit li yo, Elyaza ak Itama. Li di yo: — N'a pran farin ki rete nan ofrann grenn yo boule pou Senyè a, n'a fè pen san ledven ak li, n'a manje yo bò lotèl la, paske li soti nan ofrann konsakre pou Senyè a.

参见章节 复制




Levitik 10:12
14 交叉引用  

Koré, fis a Jimna a, Levit la, gadyen pòtay lès la, te chèf sou ofrann bòn volonte a Bondye yo, pou fè distribisyon don pou SENYÈ a avèk bagay ki sen pase tout lòt bagay yo.


fis a Abischura a, fis a Phinées a, fis a Éléazar a, fis a Aaron an, wo prèt la.


epi pen san ledven avèk gato san ledven. Mele yo avèk lwil, ak galèt san ledven ki kouvri avèk lwil. Ou va fè yo avèk farin fen.


Konsa yo va manje bagay sa yo pa sa ke ekspyasyon te fèt nan òdonasyon ak konsekrasyon yo; men yon etranje pa pou manje yo, paske yo sen.


Aaron te pran pou fanm Élischéba, fi ki pou Amminidab la, sè Nachschon an; epi li te fè pou li Nadab, Abihu, Éléazar avèk Ithamar kòm pitit.


Yo va manje ofrann sereyal la, ofrann peche a, ak ofrann koupabilite; epi tout bagay ki konsakre an Israël va pou yo.


Anplis, nou va manje li nan yon lye ki sen akoz ke se dwa ou ak dwa fis ou yo ki sòti nan ofrann pa dife SENYÈ a. Paske, se konsa Mwen te resevwa kòmand lan.


Li kapab manje pen Bondye li a, ni sa ki sen pase tout bagay yo, avèk sa ki sen an.


Li va pou Aaron avèk fis li yo. Yo va manje li nan yon lye ki sen; paske li sen pase tout ofran ki soti nan ofrann bay SENYÈ yo, ofrann pa dife, pati pa li pou tout tan.


Menm jan an, chak ofrann sereyal ki vin kwit nan fou a ak tout bagay ki prepare nan yon pwalon va rete pou prèt ki prezante li a.


Sa yo se non a fis Aaron yo: Nadab, premye ne a, Abith, Éléazar ak Ithamar.


跟着我们:

广告


广告