Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lamantasyon 3:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

37 Se kilès li ye ki pale, e sa vin rive, amwenske Senyè a te pase lòd la?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

37 Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l di se sa k fèt.

参见章节 复制




Lamantasyon 3:37
16 交叉引用  

Men wa a te di: “Kisa mwen gen avè w, O fis a Tseruja? Si li bay madichon, e si SENYÈ a te di li ‘Modi David’, alò, se kilès k ap di: ‘Poukisa ou te fè sa?’”


Alò, yon sèten nonm te rale banza li pa aza e te frape wa Israël la. Flèch la te antre nan yon kwen nan vètman pwotèj la. Konsa, li te di chofè cha li a: “Retounen fè bak e retire mwen nan batay la, paske mwen blese byen sevè.”


Pandan li te toujou ap pale avèk yo, men vwala, mesaje a te desann kote li. Li te di: “Men gade, mechanste sa a sòti nan SENYÈ a; poukisa mwen ta dwe tann SENYÈ a ankò?”


Malgre bagay sila yo, Ou te kache yo nan kè Ou. Mwen konnen ke sa a se avèk ou:


Men li te di li: “Ou pale kon youn nan fanm san konprann. Èske anverite nou va aksepte sa ki bon nan men Bondye, e pa aksepte sa ki mal?” Nan tout sa, Job pa t peche avèk bouch li.


Alò li te di yo: “Vrèman SENYÈ a avèk nou, si janmen ou wè mwen ta kite nou avèk pitit nou yo ale! Veye nou, paske se mechanste nou anvizaje nan tèt nou.


Panse a lòm fè plan pou wout li; men SENYÈ a dirije pa li yo.


Plan nan kè lòm yo anpil; men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.


Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.


ki deklare lafen depi nan kòmansman e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo. Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”


Gade byen, Mwen kont sila ki te fè pwofesi fo rèv” deklare SENYÈ a: “E ki te repete yo pou egare pèp Mwen yo ak manti yo, ak ògèy san kontwòl yo, malgre se pa Mwen ki te voye yo, ni kòmande yo. Ni yo pa founi okenn benefis pou pèp sa a,” deklare SENYÈ a.


Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen, men Li fè selon volonte Li nan lame syèl la e pami sila ki rete sou latè yo; epi nanpwen moun ki ka evite men Li, ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”


Paske Li di a Moïse: “Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.”


nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache selon konsèy volonte pa Li,


跟着我们:

广告


广告