Men SENYÈ a te fè yo gras, Li te gen mizerikòd pou yo, Li te vire kote yo akoz akò ke li te gen avèk Abraham, Isaac, avèk Jacob la e Li pa t detwi yo ni jete yo deyò prezans li jis rive nan moman sa a.
Alò li te vin rive nan jou sa yo ke wa Égypte la te mouri. Epi fis Israël yo t ap fè gwo souf e t ap kriye akoz esklavaj la. Alò, kri pa yo akoz esklavaj sila a, te leve rive jwenn Bondye.
SENYÈ a te di: “Mwen vrèman te wè soufrans a pèp Mwen an ki an Égypte la, e Mwen te reponn a kri pa yo, akoz sila yo k ap peze yo, paske Mwen konnen soufrans yo.
Èske Éphraïm se fis Mwen? Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi? Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou; konsa kè M gen gwo dezi pou li. Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a.
Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm? Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël? Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma? Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou Tseboïm? Kè M vire nèt anndan M; konpasyon Mwen vin anflame.
Konsa pale SENYÈ a: “Byenke yo plen fòs, e yo gen anpil moun; malgre sa, yo va vin koupe retire e disparèt. Byenke Mwen te aflije ou, Mwen p ap aflije ou ankò.
Donk, li te leve, e te ale kote papa l. “Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kouri anbrase l e te bo li.