14 Mwen te vin yon rizib pou tout pèp mwen an, chante giyonnen yo sonnen tout lajounen.
14 Tout moun nan peyi a ap pase m nan betiz. Se toutan y'ap fè chante sou mwen.
Paske la, ravisè nou yo te mande nou chante pou yo, e bouwo nou yo ak gwo kè kontan, t ap di: “Chante pou nou youn nan chanson Sion yo.”
Ou fè nou repwòche devan vwazen nou yo, yon objè ki moke e giyonnen pa sila ki antoure nou yo.
Nou gen tan vin yon repwòch pou vwazen nou yo, Yon rizib ak yon betiz pou sila ki antoure nou yo.
O SENYÈ, Ou te mennen m e mwen te mennen; Ou pi fò pase m, e Ou te genyen m. Mwen te vin yon gwo blag tout lajounen; se tout moun k ap moke mwen.
Alò, èske nou pa t konsidere Israël kon yon rizib? Oswa, èske se pami volè li te tonbe? Paske chak fwa nou pale sou li, nou souke tèt nou konsi n ap giyonnen li.
Gade jan yo chita ak jan yo leve; se mwen ki sijè chan giyonnen yo a.