Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Lamantasyon 2:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Tout moun ki pase akote chemen an bat men yo pou moke ou. Yo sifle anlè kon koulèv sou fi Jérusalem nan, epi yo di: “Men èske se vil sa a yo te konn rele ‘pèfeksyon a bèlte a, yon jwa de tout tè a’?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Tout moun sou granchemen an ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje dwèt sou ou, y'ap pase lavil Jerizalèm nan rizib. Y'ap ri, y'ap di: Men lavil yo t'ap di pa gen pi bèl pase l la wi! Se lavil sa a wi ki te fè kè tout moun bat pou li a!

参见章节 复制




Lamantasyon 2:15
38 交叉引用  

Sa se pawòl ke SENYÈ a te pale kont li an: “Li te meprize ou e moke ou, Fi vyèj a Sion an. Li te souke tèt li dèyè do ou, Fi a Jérusalem nan!


Epi pou kay sila a, ki egzalte tèlman wo, tout moun ki pase kote li va etone e va di: “Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a, e a kay sila a?


Mwen menm, anplis, te vin yon repwòch a yo menm. Lè yo wè m, yo souke tèt yo.


Tout moun ki wè m vin moke mwen. Yo separe avèk lèv yo e yo souke tèt yo pou di:


Bèl nan wotè li, jwa tout latè a, se Mòn Sion nan pati nò a, Vil gran Wa a.


Bondye te parèt nan sitadèl li yo. La, Li te fè tèt Li rekonèt kon yon refij.


Soti nan Sion, bèlte pafè a, Bondye fè limyè Li parèt.


Konsa, yo va chape tonbe. Pwòp lang pa yo va kont yo. Tout moun ki wè yo va souke tèt yo.


Paske SENYÈ a va leve tankou nan Mòn Peratsim. Li va fache tankou nan vale Gabaon, pou fè tach Li, tach ki pa sanblab ak lòt, e pou egzekite travay Li, travay ekstrawòdinè Li.


men pawòl ke SENYÈ a fin pale kont li: Fi vyèj a Sion an desann ou nèt! Li pa bay ou valè. Fi a Jérusalem nan souke tèt li devan w!


Bèl kay sen nou an, kote papa nou yo te ba Ou lwanj yo, te brile ak dife; epi tout bagay ki te chè a nou menm te vin kraze nèt.


Y ap fè peyi nou vin yon dega, yon objè moun ap sifle. Tout sila ki pase ladann va etone pou sa e va souke tèt yo.


Anplis, Mwen va fè vil sa a yon dega, yon objè degoutan k ap fè moun soufle anlè kon koulèv. Tout moun ki pase akote li va vin etone, e sifle anlè akoz tout dezas li yo.


Jérusalem ak vil Juda yo, wa pa li yo ak prens li yo, pou fè yo vin detwi nèt, yon gwo laperèz, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon madichon, jis jan sa ye jodi a;


gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan.


konsa, Mwen va fè kay sila kon Silo e vil sa a, Mwen va fè li vin yon madichon pou tout nasyon sou latè yo.’”


Mwen va kouri dèyè yo ak nepe, ak gwo grangou, ak ensèk ak maladi pou ravaje chan yo. Mwen va fè yo jete ale retou pami tout wayòm latè yo, pou yo kapab vin yon gwo laperèz pou tout wayòm sou latè yo, pou yo kapab vin yon madichon, yon bagay lèd e degoutan, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon repwòch pami tout nasyon kote Mwen te chase fè yo ale yo,


Alò, èske nou pa t konsidere Israël kon yon rizib? Oswa, èske se pami volè li te tonbe? Paske chak fwa nou pale sou li, nou souke tèt nou konsi n ap giyonnen li.


Babylone va devni yon gwo pil ranblè, yon kay pou chen mawon, yon objè degoutan, ak sifle kon koulèv, san gen moun ki rete ladann.


Yo te tande ke m ap plenyen nan gòj; men nanpwen ki pou konsole m. Tout lènmi mwen yo tande afè gwo malè m nan. Yo kontan Ou te fè sa. O ke Ou ta mennen jou ke Ou te pwoklame a, pou yo ka vin tankou mwen.


Jérusalem te fè gwo peche. Konsa, li te vin yon bagay ki pa pwòp. Tout sila ki te konn louwe l yo, meprize l akoz yo te wè li toutouni. Menm li menm plenn nan gòj, e vire an ayè.


Tout lènmi ou yo te louvri bouch yo laj kont ou. Yo sifle anlè kon koulèv. Yo fwote dan yo. Yo di: “Nou te vale l nèt! Anverite, se jou sa ke nou t ap tann nan. Nou gen tan jwenn li. Nou gen tan wè l.”


Ak vyolans, Li te aji sou tanp Li an, konsi se yon tonèl jaden. Li te detwi kote ke Li menm te deziye pou asanble yo. SENYÈ a te fè bliye tout jou fèt ak Saba Sion yo, e Li te meprize ni wa a, ni prèt la nan gwo kòlè Li a.


Konsa, ou te anbeli ak lò ak ajan e wòb ou te fèt ak len fen, oswa ak twal bwodri. Ou te manje farin fen, siwo myèl, ak lwil. Konsa, ou te tèlman vin bèl, e vin avanse nan yon pozisyon wayal.


Answit, rekonesans ou te ale toupatou pami nasyon yo akoz bèlte ou. Paske li te pafè, akoz mayifisans ke Mwen te fè poze sou ou a,” deklare Senyè BONDYE a.


“Konsa pale Senyè BONDYE a: “Ou va bwè tas a sè ou a ki fon e ki laj. Yo va ri sou ou e fè rizib sou ou. Li byen gwo.


Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te bat men nou, frape pye nou atè e te rejwi ak tout mepriz ki te nan kè nou kont peyi Israël,


Konsa, sa va yon repwòch, yon ensilt, yon avètisman e yon objè degoutan pou nasyon ki antoure ou yo lè Mwen egzekite jijman kontra ou nan kòlè Mwen, mekontantman, ak repwòch plen ak raj— Mwen, SENYÈ a fin pale—


O Senyè, an akò ak tout zak ladwati Ou yo, kite gwo kòlè ak mekontantman Ou vire kite vil Ou a, Jérusalem, mòn sen Ou an. Paske, akoz peche nou yo ak inikite a papa zansèt nou yo, Jérusalem ak pèp Ou a te vin yon repwòch pou tout sila ki antoure nou yo.


Paske se règleman Omri yo nou kenbe, ak tout zèv lakay Achab yo nou obsève, e se nan konsèy yo ke nou mache. Akoz sa, Mwen va fè ou vin detwi nèt. Pèp ou a va giyonnen, e ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.”


Nanpwen ti pansman pou sa k ap fè ou mal la. Blesi ou a p ap ka geri. Tout moun ki tande koze ou va bat men yo sou ou, paske kilès moun san rete, ki pa t resevwa nan mechanste ou?


Sa se gwo vil ki plen ak kè kontan, ki te viv san refleshi. Li te di nan kè l: “Se Mwen, e nanpwen sòf ke mwen.” Ala dezole li vin dezole! Yon kote pou bèt repoze yo. Tout moun ki pase kote l va soufle kon koulèv, e va voye pwen mare yo anlè sou li.


Sila yo ki t ap pase la yo t ap voye kout lang sou Li, e t ap souke tèt yo.


Sila ki t ap pase yo t ap voye ensilt; yo t ap souke tèt yo e t ap di: “Gade! Ou menm ki t ap detwi tanp lan, e rebati li nan twa jou.


跟着我们:

广告


广告