Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Kolosyen 4:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Lè n'ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Lè n ap pale avèk yo, se pou pawòl nou yo toujou gen gras pou moun, pou n ka atire yo. Nou konnen kijan li enpòtan pou nou toujou pare pou n bay tout moun yon repons ki apwopriye.

参见章节 复制




Kolosyen 4:6
33 交叉引用  

Pale glwa Li pami nasyon yo, gran mèvèy Li yo pami tout pèp yo.


Chante a Li menm. Chante lwanj a Li. Pale sou tout mèvèy Li yo.


Avèk lèv mwen, mwen te pale selon tout òdonans bouch Ou yo.


Anplis, mwen va pale sou temwayaj Ou yo devan wa yo, e mwen p ap desi.


Ou pi bo pase tout lòt nan fis a lòm yo. Lagras debòde sou lèv ou. Pou sa, Bondye te beni ou jis pou tout tan.


Vin tande, nou tout ki gen lakrent Bondye e mwen va pale ou tout sa Li te fè pou nanm mwen.


Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje; men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.


Yon lang ki kalme se yon pyebwa lavi; men si l gen desepsyon, l ap kraze lespri.


Lèv a moun saj yo gaye konesans; men se pa konsa ak kè moun ensansib yo.


Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt;


Ou va prezante yo devan SENYÈ a; prèt yo va jete sèl sou yo e yo va ofri yo kon ofrann brile a SENYÈ a.


Chak ofrann sereyal de nou menm, anplis, nou va asezone li avèk sèl. Li fò ke sèl akò a Bondye nou an pa manke nan ofrann sereyal ou an. Avèk tout ofrann ou yo, ou va ofri sèl.


“Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.


“Disèl la bon, men si disèl la vin pèdi gou, kilès k ap fè l gen gou sèl ankò. Fòk nou gen sèl nan nou, e rete anpè youn avèk lòt.”


Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: “Se pa fis a Joseph la?”


Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo.


Nou va enstwi yo a fis nou yo nan pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache akote wout la, e lè nou kouche ak lè nou leve.


Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.


Men fè Kris sen kòm Senyè a nan kè nou. Toujou rete prè pou fè defans bay tout moun ki mande nou pou nou rann kont de esperans ki nan nou an, men avèk dousè ak respè pou Bondye.


跟着我们:

广告


广告