Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Kolosyen 3:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Mete nan panse nou bagay ki soti anwo sèlman, pa mete bagay ki sou latè nan lespri nou.

参见章节 复制




Kolosyen 3:2
20 交叉引用  

Alò, bay kè nou avèk nanm nou pou chache SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, leve pou bati sanktiyè SENYÈ a, Bondye a, pou nou kapab pote lach akò SENYÈ a avèk veso sakre Bondye yo antre nan kay ki va bati pou non a SENYÈ a.”


Anplis, nan gran lajwa mwen pou lakay Bondye mwen an, trezò pèsonèl ke mwen gen an lò avèk ajan, mwen bay li a lakay Bondye mwen an; anplis de sou sa ke m te founi deja pou sen tanp lan,


Pa mete konfyans nan peze kou moun desann. Ni pa mete fo espwa nan vòlè. Si richès nou ogmante, pa mete kè nou sou yo.


Paske li te renmen M konsa, pou sa, Mwen va delivre li. Mwen va mete li byen solid an wo, akoz li te rekonèt non Mwen.


Depi ou mete zye ou sou li, l ale. Paske, anverite, li gen zèl kon yon èg k ap vole vè syèl yo.


Nan jou bonè yo fè kè kontan; men nan jou malè yo, reflechi—Bondye te fè tou de pou lòm pa dekouvri anyen nan sa k ap swiv li.


Men Li te vire bò kote Pierre: “Mete ou dèyè M Satan! Ou menm, ou se yon wòch chite pou Mwen. Ou pa mete tèt ou nan enterè Bondye, men nan enterè a lòm.”


“Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè.


Answit Li te di yo: “Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”


“Donk, si nou pa fidèl nan sèvis richès enjis yo, kilès ki va konfye nou vrè richès yo.


Men mwen sanse presyon nan toulède direksyon yo. Mwen ta anvi ale, pou m kapab avèk Kris, paske sa pi bon anpil,


Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a.


Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri.


跟着我们:

广告


广告