Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Kolosyen 3:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Se sa k fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Poutèt n ap mennen yon lavi tounèf nan Kris, kit nou se moun lòt nasyon, kit nou se Jwif, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi se pa sa ki enpòtan. Li pa enpòtan nonplis pou n ta pale lang etranj si nou se moun peyi Sit. Kit nou se esklav kit nou se moun lib, se pa sa ki enpòtan. Sa ki enpòtan an se Kris ki nan lavi nou tout.

参见章节 复制




Kolosyen 3:11
54 交叉引用  

Paske lanmou dous Li a gran anvè nou. Verite SENYÈ a dire jis pou tout tan. Beni SENYÈ a!


Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen, pou leve fè monte tout tribi Jacob yo, e restore retay Israël la. Konsa anplis, Mwen va fè Ou yon limyè a nasyon yo, pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.”


SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo wè. Tout dènye pwent latè yo te wè sali a Bondye nou an.


O SENYÈ, fòs mwen an, sitadèl mwen an e sekou mwen an nan jou gwo malè a, vè Ou menm, nasyon yo va vini soti nan dènye pwent latè. Yo va di: “Papa zansèt nou yo pa t gen okenn eritaj sof ke manti sa ki pouriyen, san enpòtans e san benefis.”


Ou va divize li pa tiraj osò kon eritaj pami nou menm e pami letranje ki rete nan mitan nou yo, ki fè fis nan mitan nou yo. Epi yo va pou nou tankou moun peyi natal, pami fis Israël yo; yo va resevwa yon eritaj avèk nou pami tribi Israël yo.


Mwen va simen li kote M nan tè a, Mwen va genyen mizerikòd pou li, fi ki pa t konn jwenn mizerikòd la. Konsa, Mwen va di a sila ki pa t pèp Mwen an: ‘Ou se pèp Mwen an!’ Epi yo va reponn: ‘Ou se Bondye mwen!’”


pou yo kapab vin posede retay Édom an ak tout nasyon ki rele pa non Mwen yo,” deklare SENYÈ ki fè sa a.


Anpil nasyon va vin di: “Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a, lakay Bondye Jacob la, pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo e pou nou ka mache sou pa Li yo.” Paske depi nan Sion, lalwa va sòti e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.


Anpil nasyon va vin jwenn yo ak SENYÈ a nan jou sa a, e va devni pèp Mwen. Epi Mwen va demere nan mitan nou, e nou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen kote nou.


Paske depi solèy la leve jis rive kote li kouche a, non Mwen va gran pami nasyon yo, e tout kote, lansan ak ofrann sereyal ki san tach va vin ofri a non Mwen. Paske non Mwen va gran pami nasyon yo,” pale SENYÈ Dèzame yo.


Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”.


“Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen.


Mwen nan yo, e Ou nan Mwen, pou yo kapab vin pafè nan linite, pou lemonn kapab konnen ke Ou te voye Mwen, e te renmen yo, menm jan ke Ou renmen Mwen.


pou tout rès limanite a kapab chache Bondye, ak tout pèp etranje yo ki rele pa non Mwen,’


Natif peyi yo te byen resevwa nou ak yon dousè ekstrawòdinè. Akoz lapli a ki te vin fèmen sou nou, avèk anpil fredi, yo te limen yon dife e te resevwa nou tout.


Lè natif yo te wè bèt la k ap pann soti nan men li, yo te kòmanse di youn ak lòt: “San dout mesye sa a se yon asasen, epi malgre li sove soti nan lanmè a, jistis p ap kite li viv.”


Mwen gen obligasyon ni pou Grèk ni pou moun ki baba; ni pou sila ki saj ni pou sila ki ensanse yo.


Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo.


Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri.


Oubyen èske Bondye se sèlman pou Jwif yo? Èske Li pa Bondye pèp etranje yo tou? Wi pèp etranje yo ladann tou.


Paske pa yon sèl Lespri, nou tout te batize nan yon sèl kò, kit Jwif, kit Grèk, kit esklav, kit lib, e nou tout te fèt pou bwè nan yon sèl Lespri.


Si, alò, mwen pa konprann lang lan, a sila ki pale li a, mwen va tankou yon sovaj, e sila ki pale a va yon sovaj pou mwen.


Sikonsizyon pa anyen, e ensikonsizyon pa anyen, men sa ki enpòtan an se kenbe kòmandman Bondye a.


Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.


Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.


ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.


Paske Li menm, Li se lapè nou, ki te fè de gwoup sa yo vin yon sèl, e ki te kraze baryè miray divizyon an,


lè L te aboli nan lachè Li, rayisman ki se lalwa kòmandman yo ki te nan tout règ yo, pou nan Li menm, Li ta kapab fè ak de pèp sa yo, yon sèl òm tounèf e konsa etabli lapè.


Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou,


Pou detaye byen klè, ke pèp etranje yo se eritye egal e manb parèy nan kò a, epi patisipan egal nan pwomès a Kris Jésus a selon levanjil la.


nan konesans ke nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib.


Epi nan Li menm nou vin konplè nèt, paske se Li menm ki chèf an tèt sou tout wayòm ak otorite yo.


Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè. Konsa, nou nan Li ki se vrè, nan Fis Li, Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.


Nenpòt moun ki fin ale byen lwen e ki pa kontinye nan doktrin Kris la, pa gen Bondye. Sila ki rete nan doktrin nan, li gen ni Papa a, ni Fis la.


跟着我们:

广告


广告