Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Kolosyen 2:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plenn avèk remèsiman an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mèsi.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Nou dwe depann de Kris la sèlman epi chache jwenn lavi ak fòs nou nan li. Se pou n kontinye devlope bon konprann nou nan li nan fason yo te ansenye nou vrè lafwa a. Anplis, pa janm sispann di Bondye mèsi.

参见章节 复制




Kolosyen 2:7
31 交叉引用  

Li va tankou yon pyebwa ki plante bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li. Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.


Plante lakay SENYÈ a, yo va fleri tankou palmis. Yo va fleri nan lakou kay Bondye nou an.


pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo; pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo, ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la, ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a. Konsa, yo va rele pye chenn ladwati, yon plantasyon SENYÈ a, pou Li kapab resevwa glwa.


Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo, ki lonje rasin li akote yon sous dlo. Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt. Li p ap twouble nan ane sechrès la, ni sispann bay fwi.


Li tankou yon nonm k ap bati yon kay, ki te fouye fon, e ki mete yon fondasyon sou wòch la; epi lè inondasyon rive, tòran dlo a pete sou kay la, men li pa t kapab souke l, akoz ke li te byen bati.


Koulye a, a Sila ki kapab etabli nou selon bòn nouvèl mwen an ak predikasyon a Jésus Kri a, atravè revelasyon a mistè a ke li te kenbe an sekrè pandan tout tan pase yo,


ki va osi konfime nou jiska lafen, san defo nan jou Senyè nou an, Jésus Kri.


Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.


Koulye a, Sila ki etabli nou avèk ou menm an Kris, epi ki te onksyone nou, se Bondye.


Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou,


si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus.


Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm,


Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.


Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.


Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.


rekonfòte nou e ranfòse kè nou nan tout bon zèv ak pawòl.


Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.


Pa vin pote ale pa doktrin varye e dwòl, paske li bon pou kè a ranfòse pa lagras, men pa ak kalite manje ki pa t bay benefis a sila ki te swiv yo.


Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm.


Moun sa yo se resif yo k ap kashe nan fèt lamou sen nou yo, lè yo vin fète avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se nwaj yo ki san dlo, pote pa van a, bwa sezon fwèt la san fwi, de fwa mò, dechouke menm;


Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen an.


Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fòt avèk gran jwa,


跟着我们:

广告


广告