Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Kantik 7:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 A la bèl pye ou bèl nan sandal yo, o pitit a nòb yo! O fi a prens lan! Koub kwis ou tankou bijou, zèv a yon vrè atis.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Ala bèl pye ou bèl nan sapat ou yo, negès mwen! Ren ou tankou si li te dekore ak bon lò. Ou ta di travay yon bòs ki gen anpil ladrès ak gou!

参见章节 复制




Kantik 7:1
13 交叉引用  

Alò, Jacob te voye mesaje yo devan li kote frè li Ésaü nan peyi Séir a nan teritwa Édom an.


Lamarye a wa a bèl nèt anndan. Vètman li trese antre sòti avèk lò.


“Ou va fè yon pyès jijman pou lestomak, èv a yon mèt ouvriye; tankou èv efòd la, ou va fè li: avèk lò, twal ble, mov, e wouj, tòde byen fen ou va fè li.


“Ou va fè pou yo pantalon avèk len pou kouvri nidite yo. Yo va sòti nan ren yo jis rive nan kwis yo.


Li te ranpli yo avèk kapasite pou fè tout èv a yon gravè, yon desinatè, e yon moun ki fè bwodri avèk twal an ble an mov, an wouj, an twal fen blanc, e yon tiseran, kòm atizan nan tout zèv ak fèzè desen.”


Lonbrit ou kon yon tas won ki pa janm manke diven mele; vant ou se yon bèl pakèt ble ankadre ak flè lis;


Tèt estati a an lò fen, lestomak ak bra li an ajan, vant li ak kwis li an bwonz,


“Men papa a te di a esklav li yo: ‘Fè vit pote pi bèl vètman ki genyen an, mete li sou li, e mete yon bag nan men li ak soulye nan pye li.


Mwen va yon Papa pou nou, e nou va fis ak fi pou Mwen,’ di Senyè Tou Pwisan an.”


Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a,


Sèlman, kondwi tèt nou nan yon fason ki dign de levanjil a Jésus Kri a, pou si mwen vini wè nou oubyen rete absan, mwen kapab tande ke nou kanpe fèm nan yon sèl espri, avèk yon sèl panse, nan lite ansanm pou lafwa a levanjil la,


ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.


跟着我们:

广告


广告