7 Ou fin bèl nèt, cheri mwen an, e nanpwen defo nan ou.
7 Ou pa manke bèl, anmourèz mwen! Depi nan pwent zòtèy ou jouk nan pwent cheve ou, ou san defò!
Konsa, wa a va dezire bèlte ou. Akoz li se senyè ou, vin bese ba devan L.
Lamarye a wa a bèl nèt anndan. Vètman li trese antre sòti avèk lò.
“Tèlman ou bèl, cheri mwen an; tèlman ou bèl! Zye ou tankou toutrèl yo.”
A la ou bèl, cheri mwen an, a la ou bèl! Zye ou tankou toutrèl dèyè vwal ou; cheve ou tankou yon bann kabrit ki fin desann sòti Mòn Galaad.
Bouch li plen ak dousè. Li dezirab nèt. Sa se cheri mwen an, e sa se zanmi mwen an, o fi Jérusalem yo.
Mwen t ap dòmi, men kè m t ap veye. Yon vwa! Cheri mwen an t ap frape sou pòt la: “Ouvri pou mwen, sè mwen, cheri mwen an, toutrèl mwen an, ou menm ki pafè pou mwen an! Tèt mwen mouye ak lawouze, très cheve mwen ak imidite nwit lan.
Ala tant nou yo bèl, O Jacob, ak abitasyon nou yo, O Israël!
men koulye a Li rekonsilye nou nan kò lachè Li a atravè lanmò, pou prezante nou devan Li sen, san fot e san repwòch—
Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè san tach e san fot.
Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fòt avèk gran jwa,
Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.