Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Kantik 4:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Jiskaske jou a bese pou l vin fre e lonbraj yo vin disparèt, mwen va trase chemen mwen rive nan mòn fèy bazilik la, ak nan kolin lansan an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 M'ap rete sou mòn mant lan, sou ti bit lansan an jouk bajou kase, jouk solèy leve.

参见章节 复制




Kantik 4:6
19 交叉引用  

Mwen va ofri a Ou menm yon ofrann brile nan grès a bèt gra yo, avèk lafimen a belye yo. Mwen va fè ofrann a towo yo avèk mal kabrit yo.


“‘Nou va fè yon lotèl avèk tè pou Mwen, e nou va fè sakrifis sou li nan ofrann brile, ak ofrann lapè, mouton nou yo, avèk bèf nou yo. Nan chak plas kote Mwen fè non Mwen sonje, Mwen va vin kote nou, e Mwen va beni nou.


Lè Aaron ap pran swen lanp yo nan aswè, li va brile lansan. Va genyen lansan tout tan devan SENYÈ a pandan tout jenerasyon nou yo.


Epi li te fè lwil sen pou onksyone a, ak lansan santi bon an avèk epis yo, èv a yon mèt ouvriye ki konn fè melanj pafen.


Jiskaske joune a vin fè fre lè lonbraj yo kouri ale; vire, cheri mwen an, fè tankou antilòp la, oswa jenn sèf sou mòn Bether a.


Se kisa k ap monte kite dezè a tankou pilye lafimen yo, byen pafime ak fèy bazilik ak lansan, plen ak poud santi bon machann yo?


ti bonm ak safran, sitwonèl ak kannèl, ak tout bwa lansan yo, lami ak lalwa, ansanm ak tout meyè kalite epis yo.


Annou pati, cheri mwen an! Fè tankou yon antilòp, oswa yon jenn sèf sou mòn ki plen epis yo.


Alò, li va vin rive nan dènye jou yo, ke mòn lakay SENYÈ a va etabli kon chèf a mòn yo. Li va leve pi wo pase kolin yo, e tout nasyon yo va kouri vin jwenn li.


Paske depi solèy la leve jis rive kote li kouche a, non Mwen va gran pami nasyon yo, e tout kote, lansan ak ofrann sereyal ki san tach va vin ofri a non Mwen. Paske non Mwen va gran pami nasyon yo,” pale SENYÈ Dèzame yo.


Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo.


Akoz de mizerikòd byen dous a Bondye nou an, k ap fè Solèy ki leve soti anwo a vin vizite nou.


Konsa, nou gen pawòl pwofesi yo fèt pi asire. A sila nou dwe prete atansyon an tankou se yon lanp k ap klere yon kote ki fènwa, jiskaske bajou kase e zetwal granmmaten an leve nan kè nou.


Sou lòt men, m ap ekri nou yon kòmandman nèf, ki se vrè nan Li, epi nan nou, paske tenèb la ap pase, epi vrè limyè a ap briye deja.


“Mwen, Jésus, te voye zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”


Lè L te pran liv la, kat kreyati vivan yo ak venn-kat ansyen yo te tonbe devan Jèn Mouton an, yo chak kenbe yon ap ak yon bòl fèt an lò ranpli avèk lansan, ki se te priyè a sen yo.


跟着我们:

广告


广告